1Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan
6Men, Pwo 3.34; Jòb 22.29; Mat 23.12; 1 Pyè 5.5 li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la:
Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo.
Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
7Se Ef 6.12; 1 Pyè 5.8,9 poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.
8Pwoche Zak 1.3; Eza 1.16 bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
9Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.
10Desann 1 Pyè 5.6 nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
Pa pale frè nou mal11Frè mwen yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun k'ap pale frè li mal, osinon k'ap jije frè li mal, se lalwa l'ap pale mal, se lalwa l'ap jije. Si w'ap kesyonnen lalwa, ou pa moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.
12Se Mat 7.1; Wòm 2.1; 14.4 Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?
Pa konte sou denmen13Kounyeya, se Pwo 27.1 ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis.
14Nou Lik 12.20; Sòm 39.5,11 pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
15Okontrè, Tra 18.21 men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.
16Men, kounyeya nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.
17Se Lik 12.47; Wòm 14.23 poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l fè a, li fè peche.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.