1Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm
4Mwen
8Se poutèt sa, kounyeya, men sa Senyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou.
9Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l.
10Enben, Eze 30.12 mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fontyè peyi Letyopi.
11P'ap Eze 32.13; 35.7 rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l.
12M'ap Jer 46.19; Eze 30.7,23,26 fè peyi Lejip la tounen peyi ki pi devaste sou tout latè. Pandan karant lanne tout lavil peyi Lejip yo pral tounen mazi. Y'ap kraze pi mal pase mazi nenpòt ki lòt lavil ki devaste. Mwen pral depòte moun peyi Lejip yo nan lòt nasyon. M'ap gaye yo nan divès lòt peyi.
13Men Jer 46.26 sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Apre karantan, m'ap pase men pran moun peyi Lejip yo nan mitan lòt nasyon kote mwen te gaye yo a,
14m'ap Eze 17.14 mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te sòti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb.
15Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen okenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse okenn lòt nasyon fè volonte li.
16Pèp Eza 30.2,3; Lam 4.17 Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki sèl Mèt la.
Nebikadneza pral anvayi Lejip17Nan Eze 29.1 premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
18— Ras Jer 27.6; Eze 26.7 Adan! Nebikadneza, wa Babilòn nan, fè lame li a fè yon gwo jefò pou y'al atake lavil Tir. Li fè sòlda travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo. Tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame li a pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.
19Se Eze 32.11,12 poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nebikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa la peye sòlda li yo.
20Wi, Jer 25.9 pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
21Lè Sòm 132.17; Eze 24.27; Lik 1.69 sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizaj lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.