1Gen twa bagay mwen renmen wè,
twa bagay ki fè ni Bondye ni moun plezi:
Se frè ki antann yo byen yonn ak lòt,
se vwazen ki viv tankou bon zanmi
se yon mari ak madanm li ki gen bon antant.
2Gen twa kalite moun mwen pa vle wè menm.
Lè m wè sa yo fè, mwen fè gwo kòlè:
Se pòv ki gen lògèy,
se rich k'ap bay manti,
se vye granmoun ki pèdi tèt yo jouk pou yo fè adiltè.
Vye granmoun yo3Si lè ou te jenn ou pa te chache bon konprann,
kijan ou vle pou ou genyen l lè ou fin vye granmoun?
4Ala bèl bagay lè yon moun ki gen cheve blan konn rann jistis,
lè granmoun konn bay bon konsèy!
5Ala bèl bagay lè vye granmoun gen bon konprann,
lè moun yo respekte konn kalkile anvan yo bay konsèy!
6Esperyans granmoun yo tankou yon kouwòn sou tèt yo.
Pi gwo lwanj yo, se krentif yo gen pou Granmèt la.
7Gen nèf kalite moun mwen kwè Bondye beni.
Sa m'ap di la a? Gen dis kalite moun konsa:
Benediksyon pou yon moun lè pitit li yo fè kè l kontan!
Benediksyon pou yon moun ki gentan wè lènmi l yo tonbe anvan l mouri!
8Benediksyon pou yon nonm ki marye ak yon fanm ki gen lespri!
Benediksyon pou yon nonm ki pa mare yon bèf ansanm ak yon bourik pou raboure jaden l!
Benediksyon pou yon moun ki pa janm fè peche ak pawòl nan bouch li!
Benediksyon pou moun ki p'ap travay ak yon lòt ki konnen mwens pase l!
9Benediksyon pou yon moun ki jwenn yon bon zanmi!
Benediksyon pou yon moun lè moun kontan tande l lè l'ap pale ak yo!
10Grannèg yo ye, moun ki jwenn bon konprann lan!
Men pi grannèg pase yo tout se moun ki gen krentif pou Granmèt la.
11Paske krentif pou Granmèt la pi bon pase tout bagay.
Pa gen tankou yon moun ki gen krentif pou Bondye. Fanm
13Pa gen pi gwo blese pase lè ou blese nan kè ou.
Pa gen pi gwo mechanste pase mechanste fanm fè ou.
14Pa gen pi gwo malè pase malè moun ki pa vle wè ou voye sou ou.
Pa gen pi gwo lenjistis pase lenjistis lènmi ou fè ou.
15Pa gen pi gwo pwazon ki pou touye ou tankou pwazon venen nan bouch sèpan.
Pa gen pi gwo kòlè pase kòlè yon lènmi ou.
16M ta pito viv ak yon lyon osinon ak yon dragon
pase pou m viv ak yon fanm ki mechan.
17Mechanste yon fanm fè mari l chanje figi.
Sa rann li kagou tankou yon lous.
18Lè konsa, mari l blije al manje nan vwazinay.
Li pa ka kenbe ankò, se tout tan l'ap plenn sitèlman li chagren.
19Tout lòt kalite tray pa anyen devan tray yon fanm ka fè ou pase.
Fanm konsa se pou yo pini yo tankou yo pini moun k'ap fè sa ki mal.
20Yon moun dousman k'ap viv nan kay ak yon fanm k'ap pale anpil,
se tankou yon vye granmoun k'ap rale moute yon ti mòn tè sab.
21Pa janm pèdi tèt ou lè ou wè yon bèl fanm,
ni pa kouri dèyè sa yon fanm genyen.
22Lè yon mari kite se yon fanm k'ap okipe l,
li mèt konnen se kòlè, se repwòch, se wont ki pou li.
23Yon madanm ki mechan ap lakòz mari l dekouraje, l'ap kagou, kè l ap fann.
Lè yon madanm rann mari l malere, mari a san fòs, jounou l yo fèb.
24Se avèk fanm peche konmanse.
Se fanm ki lakòz nou tout gen pou mouri.
25Menm jan ou pa kite jwenn kote pou dlo pase sòti nan yon sitèn,
konsa tou, pa janm bay yon fanm mechan libète di sa l vle.
26Si li pa mache jan ou vle l la,
kite avè l, voye l ale lakay papa l ak manman l.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.