1Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li yo rele madanm Samson, yo di l konsa:
— Pran tèt mari ou, fè l ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l ansanm avè ou ladan l! Gen lè se pou eskamote tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
16Se Jij 16.15 konsa madanm Samson al jwenn mari l, li pran kriye sou zepòl li, li di l konsa:
— Ou pa renmen m! Se rayi ou rayi m! Ou bay zanmi m yo yon kont, ou pa janm di m sa l vle di!
Samson reponn li:
— Gade, machè! Mwen pa menm di papa m ak manman m sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l?
17Pandan Jij 16.16 tout sèt jou fèt nòs la, li pat sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l twòp. Lèfini fanm lan sòti al di ras li yo sa kont lan vle di.
18Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l'al dòmi, mesye lavil yo di l konsa:
— Kisa ki pi dous pase siwo myèl?
Kisa ki gen plis fòs pase lyon?
Samson di yo:
— Si nou pat travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!
19Lè Jij 1.18; 14.6 sa a, lespri Senyè a desann sou Samson pou ba l fòs. Li pati, l'ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l.
20Lè Jan 3.29 sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l lan, yo ba li madanm Samson pou madanm li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.