Jenèz 30 - 1998 Haitian Creole

1

7Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb.

8Rachèl di:

— Mwen mennen yon gwo batay kont sè mwen devan Bondye. Men se mwen ki genyen.

Se konsa li rele pitit la Neftali.

9

12Zilpa, sèvant Leya a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb.

13Leya di konsa:

— Ala benediksyon mwen jwenn! Kounyeya medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni.

Se konsa li rele pitit la Asè.

14Pandan Li rache rasin yo pote bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa:

— Tanpri, bann m' kèk rasin ponmdamou nan sa pitit ou pote pou ou yo.

15Leya reponn li:

— Atò, ou pa fè mwen ase! Ou fin pran mari mwen, epi koulyeya, ou soti pou pran ponmdamou pitit gason mwen an tou!

Rachèl di li:

— Enben, Jakòb va kouche avèk ou aswè a pou ponmdamou pitit gason ou lan.

16Nan aswè, lè Jakòb ap parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre li, li di li:

— Se pou vin kouche ak mwen aswè a wi, paske mwen bay ponmdamou pitit gason mwen an pou sa.

Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche ak Leya vre.

17Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.

18Leya di:

— Bondye ban m sa m merite a, paske mwen te bay mari m sèvant mwen an pou madanm.

Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka.

19Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb.

20Leya di:

— Bondye fè m yon bèl kado. Fwa sa a, mari m pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li.

Se konsa li rele pitit la Zabilon.

21Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l Dina.

22Lè paske li te di:

— Se pou Senyè a ba m yon lòt gason ankò.

Kont Laban ak Jakòb

25Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa:

— Kite m pati pou male lakay mwen nan peyi mwen.

26Ban Jen 29.20,30 mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou.

27Laban Jen 39.3,5 reponn li:

— Fè m plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Senyè a beni m tout beni sa a.

28Di m Jen 29.15 sa pou m peye ou, m'a ba ou li.

29Jakòb Jen 31.6,38-40 di l:

— Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m.

30Ti sa ou te genyen anvan m te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m isit la. Akòz mwen Senyè a pa manke beni ou. Alèkile, li lè pou m al travay pou tèt pa mwen.

31Laban di l:

— Kisa pou m ba ou?

Jakòb reponn li:

— Ou pa bezwen peye m pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo.

32Jòdi a, mwen Jen 31.8 pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen.

33Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou.

34Laban reponn li:

— Dakò. N'a fè l jan ou di l la.

35Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l yo.

36Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo.

37Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo.

38Li Egz 2.16 pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze.

39Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo.

40Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pat mele ak bèt Laban yo.

41Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y'ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo.

42Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k'ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb.

43Jakòb Jen 24.35; 26.13,14 vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pat manke sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help