1Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Joz 13.3; 1 Sam 4.1; 7.12 Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l ale lavil Asdòd.
2Yo Jij 16.23 antre avè l nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l sou kote estati Dagon an.
3Nan Eza 46.1,2 denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l kanpe nan plas li ankò.
4Nan Jer 50.2; Eze 6.4,6; Mi 1.7 denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Senyè a. Tèt li ak de bra l yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.
5Se Sof 1.9 poutèt sa, jouk kounyeya, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li.
6Senyè a Egz 9.3; 1 Sam 6.5; Sòm 32.4; Tra 13.11 t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton sòti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinay lavil la.
7Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di:
— Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.
8Se Joz 13.3 konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo:
— Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la?
Chèf yo reponn:
— Pote l ale lavil Gat.
Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.
9Men, Det 2.15; 1 Sam 6.5; 7.13 lè Bwat Kontra a rive la, Senyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun.
10Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele:
— Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!
11Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo:
— Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo.
Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Senyè a t'ap manyen rèd ak yo.
12Sa 1 Sam 6.5 ki pat mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.