1Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:
2— Al ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, Jij 18.31; 1 Sam 4.3-12; Sòm 78.60; Jer 26.6 premye kote mwen te chwazi pou m te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m te fè l poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.
13Kounyeya menm, 2 Kwo 36.15; Pwo 1.24; Eza 50.2; 65.12 gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.
14Enben! Det 12.5; 1 Wa 9.7 Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.
15M'ap 2 Wa 17.6,23; Oze 5.9 wete nou devan je m, menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.
Pèp la bay Bondye do16Senyè a Egz 32.10; Jer 11.14; 14.11; 1 Jan 5.16 di ankò:
— Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m. Paske mwen p'ap koute ou.
17Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm?
18Timoun Det 32.16,21; 1 Wa 14.9; 16.2; Jer 11.17; 19.13; 44.17,19 yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap jete diven pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou fawouche mwen.
19Men, Jòb 35.6; Jer 51.51 se pa mwen y'ap fè mal. Se Senyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont.
20Se 2 Kwo 34.25; Jer 17.27; 44.6 poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.
21Men Jer 6.20 sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò:
— Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.
22Lè Oze 6.6 mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti peyi Lejip, mwen pat ba yo okenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen.
23Sèl Lev 26.12; Det 5.33; 6.3; Jer 11.4,7 bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo.
24Men, Sòm 81.11,12; Jer 2.19; 15.6 yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.
25Depi 2 Kwo 36.15,16 jou zansèt nou yo te sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.
26Men, Jer 16.12 pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.
27Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn.
28W'a Jer 9.3 di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.
Fon masak la29Nou Jòb 1.20 menm moun lavil Jerizalèm,
koupe tout cheve nan tèt nou voye jete.
Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou,
paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache.
Li vire do ba yo, li voye yo jete.
30Moun 2 Wa 21.4,7; Jer 32.34; Eze 5.11 peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m. Se Senyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m ankò.
31Nan 2 Wa 23.10; Sòm 106.38; Jer 31.40 fon Bennimon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen pa te janm mande yo fè, bagay ki pa te janm moute nan lide mwen.
32Se Jer 19.6,11; Eze 6.5 poutèt sa, men sa mwen menm Senyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo.
33Kadav Det 28.26; Jer 12.9 moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pèsonn pou pouse bèt yo ale.
34Peyi a Lev 26.31,33; Eza 24.7,8; Jer 16.9; 44.6; Eze 26.13; Rev 18.22,23 pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l, ou p'ap tande yon moun ap ri. P'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.