1Lè yo fin fete nòs la, Tobi rele Tobiyas, pitit gason l lan, li di l konsa:
— Pitit mwen, pa bliye bay kanmarad vwayaj ou a sa nou dwe l. W'a mete kichòy sou sa nou te di n'ap ba li a.
2Tobiyas mande:
— Papa, konbe pou m ba li la a menm pou tou sa li fè pou mwen? Sa pa ta fè m anyen pou m ta ba li mwatye nan tou sa m pote vini yo.
3Li mennen m tounen san malè, san danje. Se li menm ki al chache lajan an pou mwen kay Gabayèl, li kwape denmon ki t'ap ginyonnen madanm mwen an, epi li geri ou. Konbe pou m ta ba li an plis la a?
4Tobi reponn li:
— Ou mèt ba li mwatye nan tou sa ou pote vini yo. Li merite sa!
5Tobiyas fè rele Rafayèl, li di l konsa:
— Men mwatye nan tou sa m pote vini yo. Ou travay pou sa. Ale ak kè poze!
6Lè sa a, Rafayèl rele mesye yo sou kote, li di yo konsa:
— Fè lwanj pou Bondye!
Fè tout moun konnen jan li gen pouvwa!
Fè lwanj pou li! Pa sispann nonmen non l!
Fè tout moun konnen sa Bondye fè, jan l merite sa.
Pa janm bouke di l mèsi!
7Sa bon pou moun kenbe sekrè wa a nan kè yo.
Men, travay Bondye fè yo, se mache fè tout moun konn sa.
Di l mèsi jan sa dwe fèt.
Fè byen, malè p'ap rive nou!
8Pito nou rete san manje pou nou lapriyè.
Pito nou lonje men bay pòv antan n'ap fè sa ki dwat
pase pou n'ap sere lajan antan n'ap fè sa ki mal.
Pito nou fè lacharite pase nou sere chay lò.
9Lè ou lonje men bay pòv, sa ap delivre ou anba lanmò, sa ap lave ou anba nenpòt ki kalite peche. Moun ki lonje men bay pòv ap viv lontan.
10Men moun k'ap fè sa ki mal, moun k'ap fè mechanste yo, se pwòp tèt yo y'ap fè mal.
11M p'ap kache nou anyen ankò, m'ap di nou tout verite a. Mwen deja di nou sa bon pou moun kenbe sekrè wa a nan kè yo, men sa bon tou pou fè tout moun konnen travay Bondye, jan sa dwe fèt.
12Enben, lò ou menm Tobi ak Sara nou t'ap lapriyè, se mwen menm ki te pote lapriyè nou yo devan bèl limyè prezans Bondye a. Se mwen menm tou ki te fè l rapò chak fwa ou te antere yon mò.
13Jou ou leve sòti bò tab kote ou t'ap manje a pou ou al antere yon mò san rete mande sa pou ou fè a, se mwen menm Bondye te voye pou sonde konfyans ou nan li.
14Epi se Bondye ankò ki voye m geri nou, ni ou ni Sara, bèlfi ou la.
15Se Rafayèl mwen ye, yonn nan sèt zanj ki kanpe devan Bondye, toujou pare pou sèvi l.
16De mesye yo pran tranble, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè sitèlman yo te pè.
17Men, zanj lan di yo:
— Nou pa bezwen pè. Rete ak kè poze. Pa janm sispann fè lwanj Bondye.
18Si mwen te la ak nou se pa paske mwen te vle l. Sa se volonte Bondye. Se li menm pou nou di mèsi jouk nou mouri, se pou li pou nou fè lwanj.
19Lè nou te wè m'ap manje ak bwè, se pa mwen menm nou te wè tout bon vre. Se te vizyon nou t'ap fè.
20Kounyeya, di Granmèt latè a mèsi. Fè lwanj pou Bondye. Mwen menm, m'ap moute tounen bò moun ki te voye m lan. Nou menm, kouche sou papye tou sa ki rive nou.
Epi li moute, l'ale.
21Lè mesye yo leve, yo pa wè l ankò.
22Yo chante chante pou fè lwanj Bondye. Yo di l mèsi pou tout bèl bagay li te fè pou yo, paske yon zanj Bondye te parèt devan yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.