1 Makabe 14 - 1998 Haitian Creole

1Nan lanne sanswasanndouz (172), wa Demetriyis reyini tout sòlda li yo, li pati pou peyi Medi kote l'al chache konkou pou l'al goumen ak Trifon.

2Lè Asak, wa peyi Pès ak peyi Medi, vin konnen Demetriyis te antre sou teritwa li, li voye yonn nan jeneral li yo pou li pran l vivan mennen l ba li.

3Jeneral la pati, li kraze lame Demetriyis la, li mete men sou mesye, li mennen l bay Asak ki mete l nan prizon.

4Pandan tout reny Simon an peyi Jide a pa te gen pwoblèm.

Se byen ase li t'ap chache pou pèp li a.

Tout moun t'ap viv ak kè kontan

pandan tout tan li t'ap gouvènen an.

Se te yon bèl epòk lè sa a.

5Mete sou tout bèl bagay li te fè yo,

li pran lavil Jope, li fè l yon pò.

Konsa li louvri wout sou lanmè pou li rive nan tout zile yo.

6Li laji fontyè nasyon an.

Tout peyi a te anba ponyèt li.

7Li fè anpil jwif ki te prizonye lagè tounen lakay yo.

Li pran lavil Gezè, lavil Bèt-Sou ak sitadèl lavil Jerizalèm lan,

li wete ladan yo dènye bagay ki pa mache ak sèvis Bondye.

Pa te gen pèsonn pou kenbe tèt avè l.

8Moun yo travay jaden yo ak kè poze.

Jaden yo donnen sa pou yo donnen.

Pyebwa laplenn yo bay donn yo tou.

9Vye granmoun yo te chita sou plas piblik yo

ap pale sou jan peyi a ap mache byen.

Jennmoun yo menm te mete bèl inifòm sòlda yo sou yo.

10Li bay lavil yo manje an kantite,

li ba yo zam pou yo defann tèt yo.

Nan tout ti kwen toupatou sou latè yo t'ap nonmen non l.

11Li mete lapè ankò nan peyi a.

Pèp Izrayèl la te kontan anpil.

12Chak moun te chita anba pye rezen yo ak pye figfrans yo.

Pa te gen moun pou vin chache yo kont.

13Tout moun ki pa te vle wè l yo disparèt nan peyi a.

Lè sa a, li te kraze tout wa lènmi yo.

14Li pwoteje tout moun pòv nan mitan pèp la.

Li touye tout moun ki pa respekte lalwa Bondye ak tout moun k'ap fè mechanste.

Li fè tou sa Lalwa mande.

15Li fè tanp lan vin bèl ankò,

li mete yon pakèt veso koute chè pou sèvi ladan l.

Chèf lavil Wòm yo ak chèf lavil Espat yo toujou zanmi ak jwif yo

16Lè lavil Wòm ak lavil Espat pran nouvèl Jonatan te mouri, sa te fè moun yo lapenn anpil.

17Men, lè yo tande se Simon, frè Jonatan an, ki te moute granprèt nan plas li epi ki te gen tout peyi a ansanm ak tout lavil yo fèm anba ponyèt li,

18yo ekri lèt pou rafrechi avè l kontra zanmitay ak tètansanm yo te pase ak Jida epi ak Jonatan, frè l yo. Yo grave lèt yo sou plak bwonz voye ba li.

19Yo li lèt yo devan tout moun reyini lavil Jerizalèm.

20Men kopi lèt moun lavil Espat yo te voye a:

— Chèf ak moun lavil Espat yo voye gwo bonjou pou Simon, granprèt la, pou Gran Konsèy la, prèt yo ak pou tout rès pèp jwif la.

21Delege ou te voye bò pèp nou an fè nou konnen jan tout moun ap nonmen non nou, jan yo respekte nou. Vizit yo a te fè nou plezi anpil anpil.

22Nou enskri mesay yo te pote a nan liv rejis kote yo kouche sou papye tout desizyon pèp la pran lè yo reyini. Men sa nou di: Noumenyous, pitit gason Antyokis, ak Antipatè, pitit gason Jason, delege jwif yo te voye yo, te vin lakay nou pou rafrechi kontra zanmitay yo ak nou.

23Pèp la deside pou nou te resevwa mesye yo tankou grannèg, lèfini pou nou te mete yon kopi mesay yo a nan achiv peyi a, pou moun lavil Espat yo ka toujou chonje yo. Nou fè fè yon kopi dokiman sa a voye bay Simon, granprèt la.

24Apre sa, Simon voye Noumenyous lavil Wòm ak yon plak pwotèj an lò, ki te peze katsantrannsis (436) kilo pou rafrechi kontra tètansanm ak moun lavil Wòm yo.

Deklarasyon pèp jwif la anfavè Simon

25Lè pèp jwif la tande tout bagay sa yo, yo yonn mande lòt kisa yo ta ka fè pou moutre Simon ak pitit gason l yo jan yo genyen yo rekonesans,

26paske ni li, ni frè l yo, ni tout fanmi papa l yo, yo te kanpe fèm, yo te goumen ak lènmi pèp Izrayèl yo, pou nasyon an te ka rete granmoun tèt li. Se konsa, yo fè yon deklarasyon, yo make l sou gwo plak bwonz, epi yo mete plak yo nan yon moniman sou mòn Siyon an.

27Men kopi deklarasyon yo te grave sou plak yo:

— Jou ki te make dizwit nan mwa Eloul, nan lanne sanswasanndouz (172), twazyèm lanne nan reny Simon, granprèt la,

28nan yon gwo reyinyon prèt yo, pèp la ak tout chèf peyi yo te fè nan Asamarèl la, men deklarasyon yo te fè lè sa a:

29— Nan tan peyi nou an te nan yon goumen san rete, Simon, pitit gason Matatyas, yon prèt nan fanmi Jojarib la, ansanm ak frè l yo te mete lavi yo an danje. Yo te kenbe tèt ak lènmi pèp yo a, pou yo te ka fè tanp lan rete kanpe ansanm ak Lalwa Bondye a. Se konsa yo te fè moun gen gwo respè pou nasyon yo a.

30Jonatan reyini nasyon an anba yon sèl chèf, li vin granprèt li. Apre sa, li mouri, l'al jwenn zansèt li yo.

31Lènmi yo te sòti pou anvayi peyi a, pou yo te dechèpiye l nèt ale, lèfini pou yo te atake tanp lan.

32Lè sa a, Simon kanpe, li goumen pou nasyon li an. Li depanse anpil nan pwòp lajan li pou li bay vanyan sòlda peyi a zam pou yo goumen, epi pou l peye yo lajan travay yo.

33Li bati miray ranpa pou lavil peyi Jide yo ak pou lavil Bèt-Sou ki sou fontyè peyi Jide a kote anvan sa se la lènmi yo te gen yon depo zam, epi li mete yon ganizon sòlda jwif ladan l.

34Li moute miray ranpa nan lavil Jope bò lanmè a, nan lavil Gezè bò Asdòd kote nan tan lontan lènmi yo te rete. Li fè jwif vin rete la, li ba yo tou sa yo te bezwen pou yo te ka viv alèz.

35Lè pèp la wè jan Simon te renmen peyi l la ak jan li te sòti pou li te fè bèl bagay pou nasyon li an, yo mete mesye chèf pèp la ak granprèt pou tout sèvis li te rann yo, pou jan li te mache dwat devan Bondye, pou jan li te toujou kanpe la ak nasyon li an, ak pou jefò li tap fè san dezanpare pou kanpe prestij pèp la pi wo chak jou.

36Anba baton kòmandman li, yo mete tout moun lòt nasyon yo deyò nan peyi a, ansanm ak sòlda lavil Jerizalèm yo ki te bati yon sitadèl nan lavil David la. Sòlda sa yo te konn sòti nan sitadèl la pou y'al mete tout zòn ki kouwonnen tanp lan nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye. Se te yon gwo mechanste ki te derespektan anpil pou Tanp lan ki apa nèt pou Bondye a.

37Li mete sòlda jwif nan sitadèl la, epi li mete anpil zam ladan l pou defann peyi a ak lavil la. Lèfini, li wose miray ranpa lavil Jerizalèm yo.

38Se konsa wa Demetriyis rekonèt grad granprèt yo te ba li a,

39li mete l nan gwoup zanmi ak konseye l yo, epi li fè anpil bèl bagay pou li,

40paske li te vin konnen jan moun lavil Wòm yo t'ap rele jwif yo zanmi, sosye ak frè, jan yo te resevwa delege Simon yo tankou grannèg,

41jan jwif yo ak prèt yo te deside pou yo te rekonèt Simon tankou chèf yo, tankou granprèt pou tout tan jouk jou yon pwofèt tout bon va parèt,

42tankou chèf lame yo a. Se li ki te chwazi moun ki reskonsab travay ki pou fèt nan tanp lan, moun ki reskonsab dirije zafè peyi a, moun ki reskonsab zam ak tout fò ak miray ranpa yo.

43Se li ki te okipe Tanp lan. Depi li pase yon lòd, tout moun te obeyi. Tout kontra nan peyi a te fèt nan non li. Se li menm ki te gen dwa mete sou li rad fèt ak twal vyolèt ansanm ak zepenng agraf lò sou zepòl li.

44Pa gen pèsonn ni nan pèp la ni nan prèt yo ki gen dwa derespekte yonn nan lòd sa yo, ni pou yo kenbe tèt ak lòd Simon bay yo, ni pou yo mande pèp la pou li reyini san konsantman Simon anvan, ni pou yo mete rad fèt ak twal wouj vyolèt sou yo, ni pou yo pote zepenng agraf an lò a.

45Nenpòt moun ki va dezobeyi yonn nan lòd sa yo, osinon ki pa fè sa yo mande l pou l fè a va resevwa yon pinisyon.

46Tout pèp la nèt te dakò pou Simon gendwa fè travay li jan yo menm yo te deside l la.

47Simon menm te dakò, li te konsanti pou li te sèvi granprèt, chèf lame a ak gouvènè tout jwif yo ansanm ak tout prèt yo, lèfini pou li te nan tèt tout bagay.

48Yo deside pou yo grave deklarasyon an sou plak bwonz, pou yo mete plak yo yon kote nan tanp lan pou tout moun ka wè yo,

49lèfini pou yo fè kopi mete an depo nan chanm trezò tanp lan pou nenpòt kilè Simon ak pitit gason l yo va bezwen yonn.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help