1Se Sòm 80.1; 93.1; 96.9; Eza 24.19 Senyè a ki wa! Pèp yo ap tranble.
Li chita sou fòtèy li anwo zanj cheriben yo.
Tout moun sou latè ap tranble!
2Senyè a Sòm 113.4; Eza 24.23 gen pouvwa nan peyi Siyon!
L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
3Se Det 28.58; Joz 24.19; Eza 6.3 pou tout moun fè lwanj li,
paske li gen pouvwa, li merite respè!
Se Bondye tout bon li ye!
4Ou Det 32.4; Eza 61.8; Jer 23.5 se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat.
Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl.
Ou fè yo fè jistis nan peyi a
san patipri, jan sa dwe fèt.
5Lwanj Egz 15.2; 1 Kwo 28.2; Sòm 118.28; 132.7; Eza 60.13 pou Senyè a, Bondye nou an!
Bese tèt nou devan fotèy li.
Se Bondye tout bon li ye!
6Moyiz Egz 17.11; Lev 8.12; 1 Sam 7.9; Jer 15.1 ak Arawon te fè pati prèt li yo!
Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l yo!
Tout twa te rele Senyè a, li te reponn yo.
7Li Egz 33.9; Nonb 12.5 rete nan poto nyaj la, li pale ak yo.
Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
8Senyè, Egz 32.35; Nonb 14.20; 20.12; Det 9.20 Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou!
Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye.
Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
9Lwanj Sòm 2.6 pou Senyè a, Bondye nou an!
Adore l sou mòn ki apa pou li a!
Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.