1Nan tan sa a, pa te gen wa nan peyi Pèsonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.
19Nou gen manje ak zèb pou bourik nou. Nou gen pen ak bwason pou mwen menm, madanm mwen ak sèvitè nou ki ak nou. Nou pa manke anyen.
20Lè Jen 18.4; 19.2; 24.32; 43.24 sa a granmoun lan di:
— Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Selman pa rete pase nwit lan la sou plas la.
21Se konsa, li mennen yo lakay li, li bay bèt yo manje. Mesyedam yo fè twalèt yo, epi yo manje yo bwè.
22Yo Jen 19.4,5; Det 13.13; Jij 20.5,13; 2 Sam 20.1; 1 Wa 21.10 t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann voryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di li konsa:
— Fè nonm ki lakay ou a soti pou nou ka kouche ak li.
23Mèt Jen 19.6-8; 34.2,7; Det 21.14; 22.21; Joz 7.15; 2 Sam 13.12 kay la sòti al jwenn yo, li di yo konsa:
— Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a.
24Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi. Epi li menm, nonm lan, li gen fanm li ak li. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche yo jan nou vle. Men, pa vin fè bagay sal ak nèg la.
25Men mesye yo pa te vle koute li. Lè sa a, nonm Levi a pran fanm li, li fè li soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo pase sou fanm lan pandan tout nwit lan. Solèy ta pral leve lè yo pati kite malerèz la repo.
26Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve.
27Nan maten, nonm lan leve, li louvri pòt pou li soti. Li fè sa pou li ale fè wout li. Li wè madanm lan blayi atè devan kay la ak de men li lonje devan papòt la.
28Li Jij 20.5 di:
— Leve non! Ann ale!
Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l detravè sou bourik li, epi li pati, l'al lakay li.
29Lè li 1 Sam 11.7 rive lakay li, li pran yon kouto, li rache kadav fanm lan fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la.
30Chak Jij 20.7; Oze 9.9; 10.9 moun ki te wè sa di konsa:
— Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.