Chirasid 27 - 1998 Haitian Creole

1Nan kouri dèyè pwofi, anpil moun fè sa ki mal.

Lè yon moun dèyè pou l rich, li san pitye, l'ap fè nenpòt bagay.

2Menm jan ou jwenn jwen pou plante pikèt nan mitan de wòch,

konsa tou, ant achte ak vann ou jwenn jwen pou fè sa ki mal.

3Lè yon moun pa kenbe fèm krentif li gen pou Bondye,

kay li pa lontan kraze.

4Si ou pase sab nan krib, tout salte yo ap rete nan krib la.

Konsa tou, tout defo yon moun parèt nan sa l'ap di.

5Menm jan chalè fou a fè wè kalite veso an tè bòs atizan an fè,

konsa tou, se nan koze ak yon moun ou konnen ki kalite moun li ye.

6Pou ou konnen si yon jaden byen okipe se pou ou gade sou donn plant ki ladan l yo bay.

Konsa tou, pawòl ki sot nan bouch yon moun fè konnen santiman li gen nan kè l.

7Pa janm prese fè lwanj yon moun anvan ou tande l pale.

Se la ou konnen ak ki moun ou annafè.

Mache dwat devan Bondye

8Si ou deyò pou ou mache dwat, w'ap rive mache dwat vre.

Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon bèl rechany ou met sou ou.

9Zwazo menm kalite fè nich yo ansanm.

Konsa tou, y'ap aji dwat ak moun k'ap mache dwat.

10Menm jan lyon ap veye bèt pou l manje,

konsa tou, peche ap veye moun k'ap fè sa ki mal.

11Pawòl ki sòti nan bouch moun k'ap sèvi Bondye se toujou pawòl bon konprann.

Men, moun sòt la tankou lalin, tout tan l'ap chanje.

12Lè ou nan mitan yon bann egare, chonje ou pa gentan pou ou pèdi.

Men, pa pè pèdi tan ou nan mitan moun ki gen lespri.

13Pawòl k'ap sòti nan bouch moun sòt se bagay ki nève ou.

Yo fè fraz sou tout bagay sal moun ap fè.

14Moun ki renmen fè sèman, lè yo pale, yo fè tout cheve nan tèt ou kanpe.

Lè yo gen kont yonn ak lòt, se bouche pou ou bouche zòrèy ou.

15Lè de moun ki gen lògèy gen kont sa rive nan goumen.

Sa fè lapenn pou ou tande jan y'ap joure.

Sekrè

16Si ou pa kenbe sekrè yon moun di ou, pèsonn p'ap fye ou.

Ou p'ap jwenn moun k'ap bon zanmi ou.

17Renmen zanmi ou, pa trayi l.

Men, si ou mete sekrè li te di ou yo deyò, ou mèt bliye li te zanmi ou.

18Menm jan ou ka touye yon lènmi,

se konsa ou touye zanmitay sa a tou.

19Ou pèdi zammi sa a, l'ale nèt,

menm jan ou pèdi yon zwazo ou te kenbe nan men ou.

20Pa bezwen kouri dèyè l. Li gentan lwen.

Li kouri ale tankou yon gazèl ki chape sot nan pèlen.

21Ou ka mete renmèd sou yon blese,

ou ka padonnen yon moun ki joure ou,

men, lè ou mete sekrè yon moun deyò, pa gen espwa ankò.

Ipokrizi

22Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap pare move kou pou yo bay.

Pèsonn p'ap ka anpeche yo.

23Lè li devan ou, li pale dous. Li bat bravo pou tout sa w'ap di.

Men, dèyè do ou, li vire lang. Li pran sa ou di yo, li vire yo pou fè moun mal.

24Gen anpil bagay mwen rayi, men pa tankou kalite moun sa yo.

Granmèt la rayi yo tou.

25Lè yon moun voye yon wòch anlè, se sou tèt li wòch la tonbe.

Lè yon moun frape an trèt, li gen pou li santi soukous la.

26Moun k'ap pare pèlen pou moun, se yo k'ap pran ladan l.

Moun k'ap pare twou sou chemen moun, se yo k'ap tonbe ladan l.

27Depi yon moun fè sa ki mal, se mal ki pou rive li.

Li p'ap menm konnen kote sa sòti.

28Moun k'ap fè awogans renmen pase moun nan rizib, yo renmen joure.

Men tou, gen moun k'ap veye yo tankou yon lyon pou pran revanj yo sou yo.

29Moun ki kontan wè moun k'ap sèvi Bondye yo tonbe gen pou pran nan pèlen.

Anvan yo mouri, se pa ti kras soufri y'a gen pou yo soufri.

Pa kenbe moun nan kè

30Kenbe moun nan kè ak fè kòlè se de bagay moun pa ka sipòte menm.

Moun k'ap fè sa ki mal, se bòs yo ye nan sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help