3 Jan 1 - 1998 Haitian Creole

Salitasyon

1Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri 2 Jan 1 lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an.

2Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

3Mwen 2 Jan 4 pat manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a.

4Pa gen anyen ki pou fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.

Jan ap fè lwanj Gayis

5Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l byen.

6Yo Tit 3.13 di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l la.

7Paske, Tra 20.35; 1 Kor 9.12,15 se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.

8Se Eb 13.2; 2 Jan 10 poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a.

Dyotrèf ak Demetriyis

9Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Dyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m di a.

10Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l, li menm chache mete yo deyò nan legliz la.

11Zanmi 1 Jan 3.6,9 mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pat janm wè Bondye.

12Tout Jan 19.35; 21.24 frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou mesye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.

Bonjou pou tout moun

13Mwen 2 Jan 12 gen anpil bagay pou m ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank.

14Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas.

15Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze.

Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo yon bonjou apa pou mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help