1Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo
12Y'al di Sizera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
13Sizera Jij 4.3 fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
14Debora Det 9.3; 2 Sam 5.24; Sòm 68.7; Eza 52.12 di Barak konsa:
— Annou wè! Jòdi a, se jou Senyè a pral lage Sizera nan men ou. Se Senyè a k'ap mache devan ou.
Se konsa, Barak desann sòti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l.
15Lè Egz 14.14; Joz 10.10 Barak parèt avèk lame l la, Senyè a lage yon sèl kè kase sou Sizera ak tout moun sou cha lagè l yo ansanm ak tout lame l la. Sizera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m manje m pa ba ou!
16Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sizera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.
17Sizera Jij 5.24 kouri sou de pye li al bò tant Jayèl, moun branch fanmi kenit yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.
18Jayèl sòti al kontre Sizera, epi li di l konsa:
— Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen.
Se konsa Sizera antre lakay Jayèl ki kache mesye anba yon gwo dra.
19Sizera Jij 5.25 di li konsa:
— Tanpri, ban m' tigout dlo. Swaf ap touye mwen!
Jayèl debouche yon boutèy lèt, li vide tigout ba li bwè epi li kouvri l' kache li anba gwo dra a ankò.
20Sizera di l ankò:
— Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pèsonn.
21Sizera Jij 5.26 te sitèlman bouke, dòmi vòlò li pote l ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato. Li vanse tou dousman bò Sizera. Li plante pikèt la nan tanp misye, li fè li travèse tèt Sizera pakanpak jouk li antre nan tè. Epi misye mouri frèt.
22Lè Barak rive bò kay la ap chache Sizera, Jayèl sòti vin kontre l, epi li di l:
— Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a!
Se konsa Barak antre avè l anba tant li a, li wè Sizera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
23Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.
24Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.