1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Ras Machann yo ap gentan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen.
14Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pèsonn p'ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a.
Chatiman Bondye sou pèp la15Batay Jer 14.18; Lam 1.20 nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki deyò nan jaden pral mouri nan lagè. Moun ki lavil la, maladi ak grangou pral fini ak yo.
16Genyen Eza 38.14 ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.
17Bra Eze 21.7 tout moun pral san fòs, yo p'ap ka kanpe sou janm yo tèlman y'ap pè.
18Yo Sòm 55.5; Eza 15.2,3 pral mete rad tristès sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont. Y'ap kale tèt yo nèt.
19Y'ap Pwo 11.4; Eze 44.12; Sof 1.18; 1 Tim 6.10 voye tou sa nou genyen ki fèt ak lajan jete. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt ak lò. Paske jou sa a, ni lò, ni lajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje vant plen. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.
20Bèl Jer 7.30 bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.
21M'ap Eze 9.7; 24.21 lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k'ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y'ap trennen yo nan labou.
22M'ap fèmen je m pou m pa wè lè y'ap trennen trezò Tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan Tanp lan pou yo derespekte l.
23Tout Jer 6.7; 27.2; Eze 9.9 bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.
24M'ap Aba 1.6 fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.
25Tout Jer 8.15 moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab.
26Malè 1 Wa 12.6; Jer 4.20; Eze 20.1,3; Mal 2.7 ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p'ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p'ap gen konsèy pou ba yo.
27Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.