Detewonòm 32 - 1998 Haitian Creole

1Ou menm syèl, tande sa mwen pral yo manje plen vant yo!

Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye.

Yo voye Bondye ki te fè yo a jete.

Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.

16Y'al Sòm 78.58 adore bondye lòt nasyon.

Yo fè Senyè a fè jalouzi,

y'al fè sa ki mal, yo fè l fè kòlè.

17Y'al Jij 5.8; Sòm 106.37; 1 Kor 10.20 ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon,

yon kalite bondye yo pat janm konnen anvan,

lòt bondye ki fenk parèt,

bondye zansèt yo pat janm gen krentif.

18Yo Eza 17.10; Jer 2.27 bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a.

Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.

19Lè Eza 1.2 Senyè a wè sa, li fache.

Li fè kòlè sou pitit gason l yo ak sou pitit fi l yo!

20Li Det 31.17 di: Mwen pral vire do m ba yo.

M'a wè sa ki pral rive yo.

Se yon bann moun ki plen vis,

yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.

21Yo Det 32.16; 1 Wa 16.13; Jer 8.19; Wòm 10.19 fè m fè jalouzi, y'al adore yon bondye ki pa bondye tout bon.

Yo fè m fè kòlè, y'al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen.

Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi

pou yon pèp ki pa menm yon pèp.

M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.

22Lè m Jer 15.14; Lam 4.11 an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe.

Mwen boule tou sa ki sou latè.

Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a.

M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.

23M'ap Eze 5.16,17 fè yon seri malè tonbe sou yo.

M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.

24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo.

Move maladi va minen yo.

M'a voye bèt nan bwa atake yo.

M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.

25Nan Lam 1.20 lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen.

Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete.

Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou.

Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pèsonn p'ap chape.

26Mwen Sòm 34.16; Eze 20.23 te di mwen ta pral detwi yo nèt,

pou pèsonn pa janm chonje yo ankò sou latè.

27Men, Sòm 140.8 mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo.

Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m yo mete nan tèt yo

se yo menm ak fòs kouray yo ki fè sa,

pou yo pa di: Senyè a pa gen anyen pou l wè nan sa.

28Pèp Eza 27.11 Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo.

Yo pa gen konprann.

29Si Sòm 81.13; Lik 19.42 yo te gen konprann, yo ta louvri je yo,

yo ta wè sa ki pral rive yo.

30Kouman Lev 26.8; Jij 2.14 ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri,

pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak?

Se sèlman paske Senyè a lage yo,

paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.

31Lènmi 1 Sam 2.2; 4.8 yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a

pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.

32Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye.

Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.

33Diven yo tankou pwazon nan bouch,

tankou venen sèpan nan wòch tè sèk k'ap touye moun frèt.

34Senyè a Jòb 14.17 konnen tou sa lènmi te fè pèp la.

L'ap tann lè a rive pou l pini yo.

35Se Sòm 94.1; Wòm 12.19; Eb 10.30; 2 Pyè 2.3 Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a,

lè lè a va rive pou yo tonbe.

Jou pou yo detwi yo a pa lwen.

Sa ki pare pou yo a fin rive.

36Senyè a Jij 2.18; 1 Wa 14.10; Sòm 10.17-18; 135.14; Eb 10.30 pral pran defans pèp li a,

lè la wè tout fòs yo fin desann.

Li pral gen pitye pou sèvitè l yo,

lè la wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyo.

37Lè Jij 10.14; 1 Wa 18.27; Jer 2.28 sa a, Senyè a va mande:

— Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a?

bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?

38Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo?

Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lotèl yo?

Se pou yo vin kounyeya, se pou yo vin delivre nou!

Se pou yo kouri vin pwoteje nou!

39Se 1 Sam 2.6; 2 Wa 5.7; Jòb 5.18; Eza 41.4; 43.13; 44.8; 45.5; Oze 6.1 mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye.

Pa gen lòt bondye pase mwen menm.

Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m vle.

Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon.

Pa gen moun ki ka delivre pèsonn anba men mwen.

40Men Nonb 14.28,30 m'ap leve men m anlè, mwen fè sèman:

Menm jan nou wè m vivan pou tout tan an,

41lè Sòm 7.12; Eza 1.24 m'a file bèl nepe klere mwen an,

lè m'a sòti pou m rann jistis,

m'a tire revanj mwen sou lènmi m yo,

m'a bay moun ki pa vle wè m yo sa yo merite.

42Flèch Jer 46.10 mwen yo pral tranpe nan san,

nan san moun blese yo ak san prizonye yo.

Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè,

l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.

43Nou 2 Wa 9.7; Wòm 15.10; Rev 19.2 menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a!

Paske Senyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l yo.

L'a bay moun ki pa vle wè l yo sa yo merite.

L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

44Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande.

Dènye koze Moyiz ak pèp la

45Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo,

46li Det 6.6,7 di yo konsa:

— Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.

47Paske, Lev 18.5; Pwo 3.2; Wòm 10.5 se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.

Bondye anonse Moyiz lanmò li

48Menm jou sa a, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

49— Ale Nonb 27.12-14 nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Mowab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade, w'a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a.

50Ou Nonb 20.24,25,28 pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l yo ki deja mouri.

51Nou Nonb 20.11-13 tou de, nou pat fè sa m te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m respe devan tout pèp Izrayèl la.

52Se Det 3.27 poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help