1Si ou te zanmi yon moun, pa vin lènmi li.
L'a nonmen non ou mal, w'a wont,
jan sa rive moun ki gen de lang epi k'ap fè peche.
2Pa kite lanvi nan kè ou fè ou pèdi tèt ou.
Sa ka kraze fòs ou tankou yon towo bèf.
3Sa ka fè ou deperi tankou yon pyebwa chèch
ki pèdi tout fèy li ak tout donn li yo.
4Move lanvi gendwa fini ak yon moun.
L'ap fè moun ki pa vle wè yo pase yo nan rizib.
Zanmitay5Lè yon moun gen bon pawòl nan bouch li, sa fè l gen anpil zanmi.
Lè yon moun konn pale byen ak moun, se tout moun k'ap di l bonjou.
6Ou te mèt gen anpil moun k'ap di ou bonjou,
men se yon sèl sou mil w'ap pran pou pi bon zanmi ou.
7Lè ou fenk fè yon zanmi, se pou ou sonde l.
Pa prese al louvri kè ou ba li.
8Gen moun ki zanmi lè yo vle.
Lè sa pa bon, ou pa ka konte sou yo.
9Gen zanmi ki rete konsa yo fè ou lènmi,
y'ap fè ou wont, y'ap devwale tout ti kont ou gen ak yo.
10Gen zanmi k'ap chita sou tab pou manje avè ou,
men lè sa pa bon, ou p'ap janm wè kote yo fè.
11Toutotan sa bon, y'ap kole la sou ou tankou kòkòt ak figawo.
Y'a menm rive bay domestik ou yo lòd pou ou.
12Men, kite yon malè rive ou, y'ap vire sou do ou,
y'ap kache pou ou.
13Pran distans ou ak moun ki pa vle wè ou,
men mache sou penga ou ak moun ki zanmi ou.
14Yon bon zanmi ki p'ap trayi ou, se tankou yon bon kote ou genyen pou ou kache.
Lè ou jwenn yon zanmi konsa, se gwo richès.
15Yon bon zanmi konsa pa gen pri.
Se tankou yon trezò ki sitèlman vo anpil, ou pa ka bay pri pou li.
16Yon bon zanmi se tankou yon renmèd ki bay lavi.
Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap toujou jwenn yon zanmi konsa.
17Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap fè bon zanmi,
paske l'ap aji ak zanmi l tankou l'ap aji ak pwòp tèt pa li. Aprann gen bon konprann
18Pitit mwen, depi ou jenn chache gen konesans.
Konsa, lè w'a granmoun cheve blan, w'a toujou gen bon konprann.
19Travay pou ou gen bon konprann
tankou kiltivatè a travay pou bat tè a, lèfini pou l plante jaden l.
Lè sa a, ou mèt tann yon bèl rekòt.
W'ap travay di yon ti tan pou kiltive tè a,
men talè konsa ou pral jwi donn li pral bay la.
20Moun sòt pa ka sipòte disiplin bon konprann.
Moun ki pa gen lespri p'ap kenbe lontan.
21Bon Konprann lan tankou yon wòch ki twò lou pou yo.
Yo p'ap mize mete l atè.
22Levasyon pote non li: se levasyon li ye vre!
Se yon ti ponyen moun ase ki ka leve wo ase pou rive konnen l.
23Pitit mwen, koute non. Pran konsèy mwen ba ou.
Pa voye bon pawòl mwen yo jete.
24Mare pye ou ak chenn Bon Konprann.
Pase kou ou anba jouk li.
25Bese do ou pou ou pote l.
Pa plenyen pou chenn li yo.
26Al jwenn li ak tout kè ou.
Mache nan chemen li louvri yo ak tout fòs ou.
27Mache pye pou pye dèyè l.
Chache l, la fè ou jwenn li.
Lè w'a mete men sou li, pa kite l chape.
28Bout pou bout, w'a jwenn repo l'ap bay la.
L'ap tounen yon sous kontantman pou ou.
29Sa ki t'ap antrave ou yo ap tounen yon pwoteksyon pou ou.
Chay ki t'ap kraze dèyè kou ou la ap tounen yon bèl manto sou zepòl ou.
30Jouk li a ap tounen yon kouwòn lò pou fè ou bèl.
Chenn li yo ap tounen bèl riban fèt ak twal fen koulè vyolèt.
31Ou mete bon konprann sou ou tankou yon bèl rechany ki koute chè.
Ou mete l sou tèt ou tankou yon bèl kouwòn k'ap fè kè ou kontan.
32Pitit mwen, depi ou vle l ou ka gen konesans.
Si ou etidye pou sa, w'ap fò anpil.
33Si ou renmen koute, w'ap aprann.
Si ou louvri zòrèy ou, w'a gen bon konprann.
34Ale kote granmoun yo chita ap pale a.
Lè ou jwenn yonn ki gen konprann, rete avè l.
35Toujou pare pou koute lè se sou Bondye moun ap pale.
Veye pou ou pa kite okenn pawòl bon konprann pase.
36Si ou jwenn yon moun ki gen lespri, leve bonè pou al vizite l.
Ale lakay li dri.
37Kalkile lòd Granmèt la bay.
Fè sa ou konnen pou ou toujou fè sa l mande ou fè yo.
Li menm l'a louvri lespri ou,
l'a ba ou bon konprann wap chache a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.