Jozye 16 - 1998 Haitian Creole

Pòsyon tè fanmi Efrayim lan

1Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf Joz 18.12 yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li sòti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.

2Li Jen 28.19; Joz 18.13 sòti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.

3Baliz fontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l'al bout nan lanmè.

4Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.

5Men Joz 18.13 tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fontyè jouk Bètowon.

6Baliz Joz 17.7 fontyè a sòti la, l'al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l, sou bò lès lavil Janoa.

7Li desann sòti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l'al bout sou larivyè Jouden.

8Li Joz 17.8,9 sòti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l'al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l, yo bay chak fanmi yon pòsyon,

9ansanm Joz 17.8,9 ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.

10Men Joz 17.13; Jij 1.29 yo pat rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help