1Men, se pa menm bagay la pou moun k'ap pran tan li pou l kalkile sou lalwa Bondye ki anwo nan syèl la.
L'ap fouye chache konnen bon konprann tout moun tan lontan yo.
L'ap pase tout tan lib li ap li mesay ki sòti nan Bondye yo.
2L'ap aprann istwa grannèg ki gen gwo repitasyon yo.
L'ap fouye sans tout kalite pawoli.
3L'ap chache konnen sans ki dèyè pwovèb yo.
Li enterese konnen sekrè ki kache nan pawoli yo.
4Se kay grannèg ou jwenn li ap sèvi.
Se nan mitan chèf pou ou wè li.
Li vwayaje ale nan peyi etranje.
Li fè esperyans sou sa moun ka fè, ni an byen ni an mal.
5Nan maten, leve li leve, li pran san li pou li lapriyè Granmèt la, Bondye ki kreye l la.
Li leve nanm li bò Granmèt ki anwo nan syèl la.
Li louvri bouch li pou li lapriyè,
l'ap mande l padon pou peche li fè yo.
6L'ap gen anpil konprann ak lespri,
si se sa Granmèt ki gen pouvwa a vle pou li.
Li pral lage pawòl bon konprann li yo.
L'ap lapriyè pou di Granmèt la mèsi.
7L'ap rive konn bay bon konsèy, l'ap gen bon konesans.
L'ap fè tèt li travay sou plan travay Bondye a ki kache.
8L'ap fè moun wè tout konesans yo te ba li.
Tout banda li se va nan lalwa kontra Granmèt la.
9Anpil moun va di jan li gen lespri, yo p'ap janm bliye sa.
Wi, y'ap toujou chonje l, y'ap nonmen non l de tit an tit.
10Moun lòt nasyon yo va pale sou jan li gen bon konprann.
Pèp la va fè lwanj pou li lè y'a reyini.
11Si li viv lontan, l'ap kite yon non ak yon repitasyon k'ap depase mil lòt non konsa.
Si li mouri bonè menm, li p'ap mande plis pase sa.
Yon chante pou fè lwanj Bondye12Mwen vle pale ankò sou lide k'ap travay nan tèt mwen.
Tèt mwen plen tankou lalin lè li plenn.
13Nou menm pitit mwen yo ki renmen Bondye, koute sa m'ap di nou.
Grandi tankou pye wòz ki plante bò kannal dlo.
14Tankou lansan, lage bon sant kote nou pase.
Fè flè santi bon tankou kamelya.
Chante yon chante pou Granmèt la.
Di li mèsi pou tou sa li fè yo.
15Di jan li gen pouvwa. Mache fè lwanj pou li.
Fè chante pou li, jwe gita. N'a di l mèsi konsa:
16Ala bèl yo bèl, tou sa Granmèt la fè yo!
Tou sa li bay lòd fè va fèt vre lè lè a va rive.
Pèsonn pa dwe mande sa sa ye sa, ni poukisa sa fèt konsa.
Tout bagay va klè lè lè a va rive.
17Bondye pase lòd, dlo yo rete konsa, yo ranmase kò yo yon sèl kote.
Li pale, rezèvwa dlo yo louvri.
18Dapre lòd li bay, tout bagay rive jan li vle l la.
Pa gen moun ki ka anpeche l fè travay delivrans lan.
19Tou sa moun ap fè parèt aklè devan je li.
Pa gen mwayen kache anyen pou li.
20Li wè tou sa ki gen pou rive, depi nan konmansman latè jouk sa va kaba.
Pa gen anyen ki ka rive ki pou fè l pantan.
21Pèsonn pa dwe mande sa sa ye sa, ni poukisa tèl bagay fèt tèl jan,
paske gen yon rezon pou tou sa Bondye kreye.
22Benediksyon li tankou yon gwo larivyè ki anvayi latè.
Tankou yon gwo inondasyon, li rafrechi tout latè.
23Menm jan li fè dlo dous tounen dlo sale,
konsa tou bon kè li tounen kòlè sou lòt nasyon yo.
24Chemen Bondye yo dwat pou moun ki renmen l.
Men, yo plen antrav pou mechan yo.
25Depi nan konmansman, Bondye mete bon bagay pou moun k'ap fè sa ki byen,
ak malè pou moun k'ap fè sa ki mal.
26Men premye sa moun bezwen pou yo viv:
se dlo, se dife, se fè, se sèl,
se farin ble, se lèt, se myèl,
se ji rezen, se lwil, se rad.
27Tout bagay sa yo bon pou moun k'ap fè sa ki byen.
Men, pou moun k'ap fè peche yo sa tounen malè pou yo.
28Gen kalite van Bondye fè soufle se pou pini moun.
Lè Bondye move menm, van sa yo tounen gwo malè.
Lè lè chatiman an sonnen, van yo dechennen sou latè.
Se konsa yo fè kòlè Bondye ki fè yo a pase.
29Dife, lagrèl, grangou ak lanmò,
se Bondye ki fè tou sa pou pini moun.
30Dan bèt sovay, eskòpyon, koulèv vipè, nepe k'ap touye moun,
se Bondye ki mete tou sa pou fini ak moun ki pa konnen l yo.
31Yo tout kontan fè sa Bondye ba yo lòd fè a.
Yo pare pou yo sèvi l sou latè depi li bezwen yo.
Lè lè a rive pou yo fè travay yo,
yo p'ap dezobeyi lòd li yo.
32Se poutèt sa depi lontan mwen te wè sa konsa.
Mwen kalkile sou sa, lèfini mwen kouche l sou papye.
33Tou sa Granmèt la fè, yo bon.
Tankou yon favè, li bay chak moun sa yo bezwen lè li konnen sa bon pou yo.
34Pèsonn pa dwe di sa a pi mal pase sa a,
paske tout bagay bon lè lè yo rive.
35Kounyeya, ak tout kè nou, louvri bouch nou gran pou nou chante:
Fè lwanj pou non Granmèt la!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.