1Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason ou lan, avèk ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil.
4Ou va di li fè atansyon pou li pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen fè kè li kase pou de ti bout bwa k'ap bay lafimen. Li pa bezwen pè wa Resin, moun peyi Siri, ak wa Pekaz, pitit Remalya, k'ap fè kòlè.
5Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou.
6Yo di y'ap moute atake peyi Jida a. Yo pral kraponnen moun yo, yo pral fè kèk moun nan peyi a pran pozisyon pou yo pou yo ka mete men sou peyi a. Apre sa, yo pral pran pitit gason Tableyèl la, y'ap nonmen l wa pou gouvènen peyi a.
7Enben! ansent. Li pral fè yon pitit gason. Y'a rele li Emanyèl Non sa a vle di: “Bondye avèk nou”.
15Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l konnen sa ki mal ak sa ki byen.
16Men, Eza 6.12; 8.4 anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
17Senyè a 1 Wa 12.16; 2 Kwo 28.20; Ney 9.32; Eza 8.7,8 pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
18Lè sa a, Senyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò larivyè Nil lan. L'ap rele moun peyi Lasiri yo soti lakay yo tankou lesenmyèl.
19Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout patiray.
20Jou 2 Wa 18.13-16; Eza 8.7 sa a, Senyè a ap fè wa peyi Lasiri a sòti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.
21Jou sa a, chak moun va gen yon gazèl bèf ak de mouton pou yo chak.
22Lè sa a, bèt yo va bay lèt ankantite, tout moun va bwè kont lèt yo. Wi, moun ki va chape anba lanmò nan peyi a va bwè lèt ak siwomyèl ase.
23Jou Eza 5.6 sa a, kote ki gen mil pye rezen epi ki te vo mil pyès lajan va plen pikan ak raje.
24Si yon moun pa gen zam nan men l, li p'ap ka pase la. Wi, pikan ak raje pral kouvri tout peyi a.
25Nan Eza 32.13,14 tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pèsonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.