2 Wa 25 - 1998 Haitian Creole

1Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa Sou ki te rete nan lavil la.

12Men, 2 Wa 24.14; Jer 40.7 li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.

13Moun 2 Kwo 36.18-20 Babilòn 1 Wa 7.15,23,27; Jer 27.19,22 yo pran gwo poto kwiv ki te nan Tanp Senyè a ansanm ak tout sipò yo ak basin kwiv yo tou. Yo kraze yo fè ti moso. Yo pote kwiv yo ale lavil Babilòn.

14Yo Egz 27.3; 1 Wa 7.45,50 pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan Tanp lan.

15Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan:

16de 1 Wa 7.47 gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi li sipò yo, ak kabwèt kwiv wa Salomon te fè fabrike pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pèsonn pat konn pèz yo.

17Chak 1 Wa 7.15-18 poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto, te gen yon blòk fèt ak kwiv ki gen sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt ak kwiv. De poto yo te parèy.

Moun peyi Jida yo lavil Babilòn

18Lèfini, 1 Kwo 6.14; Esd 7.1 Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefànya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.

19Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.

20Neboucharadan 2 Wa 23.33 pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.

21Wa a Lev 26.33; Det 28.64; 2 Wa 17.23; 23.27 fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat.

Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.

Gedalya gouvènen peyi Jida(Jeremi 40.7-10; 41.1-3,16-18)

22Nebikadneza, 2 Wa 22.12; Jer 39.14; 40.5 wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.

23Rès Jer 40.7-9 chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y'al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.

24Gedalya di yo:

— Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.

25Nan Jer 40.14,15; 41.1,2 setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.

26Lè Jer 43.4-7 sa a, tout moun, granmoun kou timoun, ansanm ak chèf lame yo leve, yo desann peyi Lejip paske yo te pè moun Babilòn yo.

Wa Jojakin sòti nan prizon(Jeremi 52.31-34)

27Premye Jer 52.31-34 lanne Jen 40.13,20; 2 Wa 24.12,15 wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l sòti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l.

28Evilmewodak te sèvi byen avè l, li ba l premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l yo.

29Li 2 Sam 9.7,13 wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l vin manje sou menm tab avè l chak jou jouk Jojakin mouri.

30Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l viv, konsa, konsa, jouk li mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help