Levitik 3 - 1998 Haitian Creole

Ofrann remèsiman

1Lè yon moun ap ofri yon bèt pou di Bondye Lev 7.11-21,29-34; 17.5; 22.21 mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo osinon yon gazèl bèf ki pa gen okenn enfimite.

2L'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

3-4Nan Egz 29.13 bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Senyè a.

5Pitit Lev 6.12 Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki deja sou dife a.

Se yon ofrann yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

6Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen okenn enfimite.

7Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Senyè a, l'a mennen l devan lotèl Senyè a,

8l'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

10de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a.

11Prèt Lev 21.6,8; Nonb 28.2; Eze 44.7; Mal 1.7,12 la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Senyè a.

12Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l devan lotèl Senyè a.

13L'a mete men l sou tèt li, l'a touye l la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

14-15L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a.

16Prèt Lev 7.23-25; 1 Sam 2.15 la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi.

17Piga Jen 9.4; Lev 7.26; 17.10-14; Det 12.23,24; 1 Sam 14.33; Tra 15.20 nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help