1Men, ou fè moun ki p'ap sèvi ou yo santi kòlè ou. Ou te san pitye pou yo nèt ale, paske ou te konnen davans sa yo ta pral fè.
2Ou te konnen atout yo te kite pèp ou a pati, atout yo te leve dèyè yo pou fè yo pati byen vit la, yo ta pral chanje lide, yo ta pral rapousib yo.
3Wi, moun peyi Lejip yo te nan gwo lapenn toujou, yo t'ap kriye bò tonm kote yo te fenk antere mò yo, lè, tankou moun fou, yon lòt lide pase nan tèt yo. Se konsa, moun yo te lapriyè nan pye yo pou fòse yo pati a, yo fè lide al rapousib yo tankou si se sove yo t'ap sove.
4Se chatiman yo te merite a ki t'ap pouse yo konsa. Li fè yo bliye sa ki te pase a pou yo te ka soufri rès ladoba ki te rete sou chatiman ki te pou yo a.
5Yo ta pral mouri yon mò dwòl, antan pèp ou a menm ta pral fè yon bèl vwayaj plen mirak.
Bondye pwoteje pèp li a6Ou pase lòd, epi tout kreyasyon Bondye a chanje nèt pou pitit ou yo pa kontre ak okenn danje.
7Yo wè yon nyaj parèt vin kouvri kan kote yo te ye a, yo wè tè chèch parèt kote dlo te ye, yon bèl chemen plat louvri nan mitan lanmè Wouj la, yon bèl plenn zèb vèt blayi nan mitan lanm lanmè ki move yo.
8Se la tout pèp ou a pase anba pwoteksyon ou ak je yo louvri byen gran ap gade mèvèy ou fè yo.
9Yo te tankou chwal y'ap mennen nan jaden zèb. Tankou timouton, yo tap sote ponpe, yo t'ap fè lwanj pou ou ki te delivre yo.
10Yo vin chonje sa ki te pase nan peyi etranje sa a, kijan tè a te pito kale moustik pase li kale bèt, kijan larivyè a te pito bay yon kantite krapo pase li bay pwason.
11Apre sa, yo te wè yon lòt jan pou zwazo fèt. Lè grangou t'ap fini ak yo a, yo mande ou pou ou ba yo bon manje koupe dwèt.
12Lè sa a, zòtolan sòti nan lanmè pou yo te ka manje plen vant yo.
Moun peyi Lejip yo pi mal pase moun lavil Sodòm yo13Men, chatiman tonbe an kantite sou moun k'ap fè sa ki mal yo, apre detwa gwo kout loray te ba yo avètisman. Yo t'ap soufri pou tout mechanste yo te fè yo jan yo merite l la, paske yo te moutre jan yo te rayi ak tout fòs moun lòt peyi.
14Moun lavil Sodòm yo pa te menm resevwa lakay yo moun yo pa te konnen. Men, moun peyi Lejip yo pran moun lòt nasyon ki te rann yo anpil sèvis, yo fè yo tounen esklav.
15Wi, Bondye te vin pini moun Sodòm yo paske yo te resevwa etranje yo tankou si se te lènmi yo moun sa yo te ye.
16Men, moun peyi Lejip yo, apre yo te fin fè fèt pou resevwa moun Izrayèl yo, apre yo te fin ba yo menm dwa avè yo nan peyi a, yo maltrete yo, yo mete yo fè travo fòse.
17Se poutèt sa li fè yo pa wè nan je yo, tankou sa te rive moun Sodòm yo lè yo te devan pòt kay Lòt, nonm ki te mache dwat la. Fènwa ki vlope yo a te sitèlman pwès, yo t'ap tatonnen pou jwenn wout pòt lakay yo.
Tout bagay chanje kalite nèt18Eleman ki nan lanati a chanje kalite yo, menm jan lè y'ap jwe yon enstriman kòd, nòt yo chanje kalite konpa a, atout chak nòt toujou bay menm son an. Lè nou gade byen sa ki pase a, n'a wè se sa ki te rive vre.
19Bèt ki te konn viv atè al rete nan dlo. Bèt ki te konn naje nan dlo moute vin mache atè.
20Lè dife nan dlo se lè sa a li boule pi rèd. Dlo menm bliye pou l touye dife.
21Flanm dife pa boule po ti bèt frajil k'ap pase nan mitan yo, ni yo pa fonn manje Bondye te voye a, manje ki te sanble ak glas epi ki te fonn fasil fasil la.
Dènye pawòl la22Wi, Granmèt, tout jan tout jan ou te mete pèp ou a kanpe byen wo, ou te fè gwo lwanj pou li, ou pa janm meprize l. Se tout tan, kote l pase, ou ba li lasistans ou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.