Jij 15 - 1998 Haitian Creole

1Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble, Jen 38.17 Samson al vizite madanm li. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li:

— Mwen pral antre jwenn madanm mwen nan chanm nan!

Men bòpè a pa kite li antre.

2Li Jij 14.20 di Samson konsa:

— Mwen te kwè ou te rayi l! Se konsa, mwen pran l bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l la pi bèl pase l. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a.

3Samson di yo:

— Fwa sa a, si m fè moun Filisti yo kichòy, piga pèsonn vin di m anyen.

4L ale, li pran twasan (300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo.

5Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.

6Lè Jij 14.15 sa a, moun Filisti yo mande:

— Ki moun ki fè sa?

Yo di yo:

— Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l, paske bòpè l te pran madanm Samson, li bay yon bon zanmi Samson.

Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l nan kay la.

7Samson di yo:

— Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m la a.

8Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l'ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.

Samson kraze mil moun Filisti

9Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.

10Moun peyi Jida yo mande yo:

— Poukisa nou vin atake nou?

Yo reponn:

— Nou vin isit la pou n mare Samson, pou n fè l pase menm sa li te fè nou pase a.

11Lè Jij 14.4 sa a, twamil (3000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson:

— Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa?

Li reponn yo:

— Mwen fè yo menm sa yo te fè m lan.

12Yo di l:

— Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo.

Samson di yo:

— Fè m sèman nou p'ap touye m, nou menm!

13Yo Jij 16.11,12 di l:

— O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou!

Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l byen mare epi yo tounen avè l sòti nan twou wòch la.

14Lè Jij 14.6,19; 16.9; 1 Sam 11.6 yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l, yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Senyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.

15Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l, li pran l, li touye mil (1000) moun avè l.

16Lèfini, li pran chante, li di:

— Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun.

Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat.

17Lè Jij 15.9 li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l te ye a: Mòn zo machwè.

18Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Senyè a, li di:

— Ou fin fè m genyen bèl batay sa a. Kounyeya, w'ap kite m mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!

19Lè sa a, Bondye louvri yon tou nan tè a, bò lavil Leki, epi dlo pete soti nan tou a. Samson bwè dlo, li santi li refè. Se poutèt sa, yo rele sous sa a Sous Repons Bondye. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jodi a.

20Samson Jij 13.1; 16.31 gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou reny moun Filisti yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help