Sòm 26 - 1998 Haitian Creole

SÒM 26 (25)Lapriyè yon inonsan(1a) Se Sòm 7.8; 11.1 yon sòm David.

1(1b) Fè m jistis, Senyè,

paske m'ap viv yon jan ki san repwòch.

Mwen mete tout konfyans mwen nan ou,

mwen pa janm lage ou.

2Fouye m, Sòm 7.9; 17.3 Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen.

Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m.

3Ou 2 Wa 20.3; Sòm 25.10 fè m wè jan ou renmen mwen.

M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

4Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti,

mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.

5Mwen Sòm 139.21,22 rayi tout moun k'ap fè sa ki mal.

Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

6Senyè, Egz 30.19,20; Sòm 73.13 m'ap lave men m

pou m moutre jan m inonsan,

mwen pral pwoche bò lotèl ou a,

7pou m Sòm 9.1 fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi,

pou m rakonte tout bèl bagay ou yo.

8Senyè, Sòm 27.4 mwen renmen kay kote ou rete a,

kay kote pouvwa ou ye a.

9Pa Sòm 28.3 trete m menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal.

Pa detwi m ansanm ak sanginè yo,

10ansanm Det 16.19 ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan,

ki toujou pare pou achte bouch moun.

11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch.

Delivre m, gen pitye pou mwen.

12M'ap Sòm 22.25 mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a.

M'a fè lwanj Senyè a nan mitan pèp la lè l reyini.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help