Sòm 8 - 1998 Haitian Creole

SÒM 8Pouvwa Bondye ak pozisyon lèzòm(1) Pou Sòm 113.4; 148.13 chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David.

1(2) Senyè, Sòm 44.16; Mat 11.25; 21.16; 1 Kor 1.27 Mèt nou,

se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!

2(3) Ou Jen 1.16; Sòm 19.1; 111.2; Wòm 1.20 fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs,

pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo,

pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

3(4) Lè Eb 2.6-8 m'ap Jòb 7.17; 25.6; Sòm 144.3 gade syèl la byen ou fè ak pwòp men ou

Lalin ak zetwal ou mete ladan li,

4(5) m'ap Jen 1.26-28; Sòm 21.5; 1 Kor 15.27; Ef 1.22 mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa?

Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?

5(6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye.

Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.

6(7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè,

ou mete tout bagay anba pye yo:

7(8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

8(9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo,

ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.

9(10) Senyè, Mèt nou,

se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help