1Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap Jòb 15.15; Sòm 89.5 reponn ou!
Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?
2Se moun fou ki kite chagren ap minen yo.
Se moun sòt ki kite move san touye yo.
3Mwen Sòm 37.35; Jer 12.2,3 menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon.
M rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.
4Pitit Sòm 119.115; 127.5; Pwo 22.22; Am 5.12 yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo.
Pa gen pèsonn pou pran defans yo nan tribinal.
5Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo.
Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan.
Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.
6Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa.
Ni moun pa rete konsa pou l tonbe anba soufrans.
7Menm Jen 3.17-19; Jòb 14.1; Ekl 2.23 jan tensèl dife fèt pou vole,
konsa tou, moun fèt pou soufri.
8Si m te nan plas ou, Job, se Bondye m ta rele.
Mwen ta mete sitirasyon an devan l.
9Se Jòb 11.7; 37.5; Sòm 40.5; 72.18; Wòm 11.33; Rev 15.3 li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann,
yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
10Li Sòm 65.9,10; 147.8; Jer 5.24; 14.22; Mat 5.45; Tra 14.17 voye lapli sou latè,
li wouze tout jaden.
11Moun 1 Sam 2.7; Sòm 113.7 ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo.
Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.
12Li Ney 4.15; Sòm 33.10; Eza 8.10; 1 Kor 3.19 gate mannigèt bakoulou yo.
Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
13Li Sòm 9.15; 1 Kor 3.19 pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann.
Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo fè.
14Gwo Det 28.29; Jòb 12.25; Eza 59.10 lajounen y'ap bite tankou nan fènwa.
Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.
15Men, Bondye sove pòv la anba dan yo.
Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.
16Li Sòm 107.42 bay pòv yo espwa.
Li fèmen bouch mechan yo.
17Ala Sòm 94.12; Pwo 3.11; Eb 12.5; Rev 3.19 bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije li!
Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap rale zòrèy ou, pa pran sa fè jwèt non!
18Lè Det 32.39; Eza 30.26; 61.1; Oze 6.1 li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou.
Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.
19Nan Sòm 34.19; 91.3,10; Am 1.6 tou sa ki ka rive, l'ape delivre ou.
Li p'ap kite malè tonbe sou ou.
20Nan Sòm 33.19 grangou, li p'ap kite ou mouri.
Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou.
21L'a Sòm 31.20 pwoteje ou anba kout lang.
Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche.
22W'a Eza 11.8,9; 65.25; Eze 34.25; Oze 2.18 pase ni malè ni grangou nan rizib.
Ou p'ap pè bèt nan bwa.
23Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo.
Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.
24Lè Jòb 21.9 sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou.
Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.
25W'a Jòb 21.8; Sòm 112.2 gen anpil pitit.
Y'a pouse tankou plant nan jaden.
26Menm Jen 25.8; Pwo 9.11; 10.27 jan se lè mayi fin mi yo kase l,
konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.
27Jòb Sòm 111.2 monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil.
Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.