1Men sa Senyè a di ankò:
— Nou ap sòti nan yon peyi byen lwen.
Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.
17Yo
21Kilè m'a wè bout batay la?
Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
22Senyè a Sòm 36.3; Eza 1.3,16,17; Wòm 16.19 di konsa:
Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m!
Se yon bann timoun, lespri yo bouche!
Yo pa konprann anyen!
Yo fò nan fè sa ki mal ase.
Yo pa konn fè sa ki byen.
Jeremi wè malè k'ap vini an23Mwen Jen 1.2; Eza 5.30 li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li!
Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm!
24Mwen Na 1.5 gade mòn yo, yo t'ap tranble!
Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agòch!
25Mwen Sof 1.3 gade, m pa wè yon moun.
Tout zwazo yo met deyò.
26Bèl Sòm 107.34 jaden yo tounen dezè.
Tout vil yo boule rapyetè.
Se travay Senyè a
paske Senyè a move anpil.
27Men Ney 9.31; Jer 5.18 sa Senyè a di:
Se pou tout tè a tounen dezè.
Men, mwen p'ap fin detwi l nèt.
28Tè a Nonb 23.19; Eza 50.3; Oze 4.3 nan lapenn.
Syèl la tou nwa.
Senyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di.
Li fin pran desizyon l, li p'ap chanje lide.
29Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo,
tout moun nan lavil la pran kouri.
Gen ki kouri al kache nan bwa.
Gen ki kouri moute nan wòch yo.
Tout lavil yo san moun ladan yo.
Pa gen yon moun ki rete la ankò.
30Ou 2 Wa 9.30; Lam 1.2,19; Eze 23.22 menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè?
W'ap mete bèl rad wouj sou ou?
W'ap mete tout bijou ou yo?
W'ap pentire po je ou?
Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen.
Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou!
Yo sòti pou yo touye ou.
31Mwen Eza 1.15; 13.8; Lam 1.17 tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche,
rèl fanm k'ap fè premye pitit li.
Se rèl moun lavil Jerizalèm yo
k'ap chache pran souf.
Y'ap lonje men yo. Y'ap rele:
— Anmwe! Nou pa kapab ankò!
Men y'ap fin touye nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.