1(1b) Senyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk kounyeya.
2Anvan Jòb 36.26; Pwo 8.25 menm ou te kreye mòn yo,
anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l,
depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
3Ou Jen 3.19; Ekl 12.7 di moun se pou yo tounen sa yo te ye.
Ou fè yo tounen pousyè ankò.
4Milan (1.000 an) 2 Pyè 3.8 pa anyen pou ou, se tankou yon jou.
Se tankou jounen ayè ki fin pase a,
se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.
5Ou Jòb 20.8; Sòm 103.15; Eza 40.6-8 fè yo pase tankou yon rèv,
tankou pye zèb ki leve yon jou maten.
6Li Jòb 4.20; 14.2; Jak 1.11 grandi, li fleri,
nan aswè li fennen, li cheche.
7Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou.
Lè ou move, ou fè kè nou kase.
8Ou Sòm 19.12; Jer 16.17; Eb 4.13 mete devan je ou tou sa nou fè ki mal,
ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè.
Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
10Dènye bout nou se swasanndizan.
Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan.
Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè.
Talè konsa nou fin viv, n'al fè wout nou.
11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè?
Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
12Moutre Sòm 39.4 nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout,
pou nou kapab chache konprann tout bagay.
13Senyè, Det 32.36; Sòm 74.9,10; 135.14 kilè w'a tounen?
Gen pitye pou sèvitè ou yo.
14Chak Sòm 85.6 maten, voye benediksyon ou sou nou!
Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.
15Kounyeya fè kè nou kontan
pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn,
pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
16Fè Sòm 92.4; Aba 3.2 moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè.
Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
17Senyè, Eza 26.12; 2 Tes 2.16,17 Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou.
Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.