Jidit 5 - 1998 Haitian Creole

Olofèn vin konnen degenn pèp Izrayèl la

1Y'al fè Olofèn, kòmandan lame peyi Lasiri a, konnen jan moun pèp Izrayèl yo te pare pou goumen: yo te bloke tout pas mòn yo, yo te mete miray ranpa sou tout tèt mòn yo, yo te mete pèlen nan plenn yo.

2Olofèn fè yon sèl kòlè, li fè rele tout chèf peyi Moab yo, tout jeneral peyi Amon yo ak tout gouvènè zòn bò lanmè Mediterane a.

3Li di yo konsa:

— Nou menm moun peyi Kanaran, manyè di m non ki kalite moun moun sa yo k'ap viv nan mòn yo ye, nan ki lavil yo rete, ki gwosè lame yo, epi kisa ki fè kouray yo ak fòs yo, kimoun ki wa yo, kimoun ki chèf lame yo.

4Lèfini, manyè di m poukisa, nan tout moun ki rete sou bò solèy kouche a, se yo menm sèl ki pa deplase vin jwenn mwen pou soumèt devan mwen.

Akyò rakonte istwa pèp Izrayèl la

5Akyò, chèf tout moun Amon yo, di Olofèn konsa:

— Tanpri, chèf, bay moun k'ap sèvi ou la yon ti chans pale nan zòrèy ou, m'a di ou verite sou moun sa yo k'ap viv sou mòn sa yo toupre ou la. Ou mèt kwè m, moun k'ap sèvi ou la p'ap ba ou manti.

6Moun sa yo, rasin yo se nan peyi Kalde li sòti.

7Yo pase yon premye tan nan peyi Mezopotami, paske yo pa te vle sèvi bondye papa yo ki te rete nan peyi Kalde.

8Yo vire do bay relijyon tatawèl yo t'ap sèvi a pou yo sèvi Bondye ki nan syèl la, yon bondye yo te vin rekonèt. Se konsa, yo mete yo deyò nan peyi bondye zansèt yo a, yo kouri desann ale nan peyi Mezopotami kote yo pase yon bon ti tan ap viv la.

9Apre sa, Bondye yo a ba yo lòd pou yo kite kote yo te ye a pou yo ale nan peyi Kanaran. Se konsa yo vin rete nan peyi a, kote yo vin gen anpil lò, anpil lajan ak anpil tèt bèt.

10Apre sa ankò, yo desann nan peyi Lejip, paske te gen yon gwo grangou ki te tonbe sou peyi Kanaran. Yo rete la nan peyi Lejip, toutotan yo te jwenn manje la. Antan yo la a, yo peple, yo vin anpil. Yo pa te ka konte kantite moun yo te rive genyen.

11Lè sa a, wa peyi Lejip la leve dèyè yo, li fè yo pase pa yo nan travay di fè brik. Li fè yo wont, li fè yo tounen esklav.

12Men, yo rele nan pye Bondye yo a. Bondye yo a voye yon bann move maladi sou peyi Lejip. Moun Lejip yo pa te ka fè anyen pou chape anba malè sa yo. Se konsa yo mete moun sa yo deyò nan peyi a.

13Lè sa a, Bondye cheche Lanmè Wouj la pou yo ka pase,

14li mennen yo sou mòn Sinayi lavil Kadès Banea. Yo menm yo mete tout moun ki rete nan dezè a deyò.

15Yo pran peyi moun Amon yo pou yo, yo kraze tout moun lavil Echbon yo avèk fòskouraj yo. Yo janbe lòt bò larivyè Jouden, yo pran tout mòn yo pou yo.

16Yo mete tout moun Kanaran yo, tout moun Perizi yo, tout moun Jebis yo, tout moun Sichèm yo, tout moun Gigach yo deyò. Sa fè lontan depi yo rete nan mòn sa yo.

17Tank yo pa te fè peche devan Bondye yo a, tout bagay te mache byen pou yo, paske Bondye ki kanpe ak yo a pa vle wè moun fè lenjyistis.

18Men, lè yo kite chemen li te louvri devan yo pou yo mache a, yo soufri anpil nan lagè, lènmi fè yo prizonye, lènmi depòte yo nan lòt peyi ki pa pou yo. Lènmi kraze Tanp Bondye a met atè, yo pran tout lavil yo pou yo menm yo rete.

19Kounyeya atò yo tounen vin jwenn Bondye yo a, yo sòti nan tout peyi kote li te gaye yo a, yo vin pran lavil Jerizalèm, lavil kote tanp yo ye a, pou yo ankò. Yo tounen vin rete nan tout mòn yo paske pa te gen moun ladan yo.

20Kounyeya, chèf mwen, si moun sa yo fè peche kont Bondye yo a, si yo fè anyen ki mal, si nou menm nou rive konnen yo fè peche konsa, nou mèt moute al fè lagè ak yo.

21Men, si moun sa yo fè tou sa lalwa Bondye yo a mande yo fè, lè sa a, chèf mwen, tanpri, pa okipe yo, paske Granmèt la, Bondye yo a, ap pwoteje yo, l'ap pran defans yo. Lè sa a, nou pral wont yon sèl wont devan tout moun sou latè.

22Lè Akyò fin di tout pawòl sa yo, tout moun ki te kanpe fè wonn tant lan konmanse bougonnen. Chèf ki te avèk Olofèn yo ansanm ak tout moun ki rete bò lanmè a ak nan peyi Moab yo te sòti pou yo rwe Akyò anba baton.

23Yo t'ap di:

— Nou pa pè moun pèp Izrayèl yo, paske yo fèb, yo p'ap jwenn fòs pou yo kenbe ak nou nan yon gwo batay.

24Se poutèt sa, annou moute pran yo, kòmandan Olofèn! Gwo lame ou la pral kraze sa tankou pay anba pye yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help