1Men lapriyè pwofèt Abakik te fè pou li plenyen sò li bay Bondye:
2Senyè! Ou Sòm 78.15,16 kenbe banza ou tou pare nan men ou.
Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen.
Zèklè ou yo fann tè a louvri.
10Mòn Egz 14.22; 19.18; Sòm 93.3 yo wè ou, yo pran tranble.
Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la.
Dlo anba tè yo ap gwonde.
Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.
11Flèch Joz 10.12,13 ou yo pati tankou zèklè.
Lans ou yo klere byen klere.
Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.
12Ou Mi 4.12,13 move, w'ap mache toupatou sou latè.
Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.
13Ou Sòm 105.15; 110.6 sòti pou delivre pèp ou a,
pou sove wa ou chwazi a.
Ou kraze chèf mechan yo.
Ou detwi tout moun li yo nèt.
14Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a,
lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou.
Je yo gran louvri ak kontantman
tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.
15Ou Sòm 77.19 foule lanmè a anba pye chwal ou yo.
Ou fè dlo lanmè a kimen.
16Mwen Eza 14.3,4; Jer 4.19 tande tou sa. Vant mwen bouyi!
Lè m tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble.
Tout zo nan kò m ap fè m mal.
M pa ka kanpe sou janm mwen ankò!
Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive,
jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.
17Pye fig frans yo te mèt pa donnen,
pye rezen yo te mèt pa bay rezen,
rekòt oliv yo te mèt pa bon,
jaden yo te mèt pa bay manje,
mouton yo te mèt mouri nan sèka yo,
bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
18mwen Jòb 13.15; Sòm 9.14; Lik 1.47 menm, m'ap toujou kontan poutèt Senyè a.
M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m lan.
19Se Det 32.13; 2 Sam 2.18; Eza 38.20 Senyè a ki tout fòs mwen.
Li asire pye m tankou pye kabrit.
Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe.
Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.