1Lè Demetriyis vin konnen jan Nikanò ansanm ak tout lame li a te mouri nan lagè, li voye Bakidès ak Alkim ankò nan peyi Jide a, ak tout zèl dwat lame a anba kòmandman yo.
2Yo pran chemen peyi Galile, yo atake lavil Mesalòt nan zòn Abela, yo sènen l. Lè yo pran l, yo touye bonkou nan moun ki te rete la yo.
3Nan premye mwa lanne sansenkannde (152), yo moute kan yo devan lavil Jerizalèm.
4Antan yo la, yo pati jouk yo rive lavil Beewòt avèk venmil (20.000) sòlda apye ansanm ak demil (2.000) kavalye.
5Jida menm te moute kan li lavil Eleaza avèk twamil (3.000) nan pi bon sòlda li yo.
6Men, lè sòlda li yo wè gwo kantite moun ki te nan lame lènmi an, yo sòti pè. Anpil ladan yo chape kò yo kite kan an. Konsa, se witsan (800) sòlda ase ki te rete ak Jida.
7Lè Jida wè sòlda yo te vole gagè epi pa te gen mwayen pou evite batay la, yon sèl dekourajman pran li, paske pa te gentan devan l ankò pou l te al rasanble moun li yo.
8Nan pèdi tèt li, li di sa ki rete la avè l yo:
— Annavan! Ann mache sou lènmi nou yo! Ann wè si nou ka goumen ak yo!
9Men yo reponn li:
— Nou pa kapab! Pa gen anyen nou ka fè kounyeya pase chape poul nou. Apre sa, n'a tounen ak kanmarad nou yo pou goumen ak yo. Non! Kounyeya nou pa gen moun ase pou sa.
10Men, Jida reponn yo:
— Mande Bondye padon! M p'ap kouri pou lènmi m yo. Si lè a rive pou nou mouri, n'a mouri an vanyan sòlda pou peyizan nou yo. Nou p'ap kite ankenn tach sou non nou.
11Lame peyi Siri a kite kan li, li vin pran pozisyon devan jwif yo. Kavalye yo separe fè de gwoup. Sòlda ak fistibal yo ak sòlda ak banza yo pran devan rès kò lame a. Sòlda pi vanyan yo t'ap mache devan nèt.
12Bakidès te sou zèl dwat la. Gwo lame a te fè de divizyon ki t'ap mache ansanm antan yo t'ap kònen twonpèt. Moun Jida yo t'ap kònen twonpèt yo tou.
13Bri lame yo t'ap fè a t'ap fè tè a souke. Batay la marye nan maten. Rive aswè yo t'ap goumen toujou.
14Lè Jida wè Bakidès ak pi gwo pòsyon lame a te sou bò dwat la, li menm ak tout pi vanyan sòlda li yo mete tèt yo ansanm,
15yo kraze zèl dwat lame moun Siri yo, yo kouri dèyè yo jouk sou mòn Azòtòs.
16Lè moun peyi Siri ki te sou zèl gòch yo wè zèl dwat lame a te kraze, yo vire sou Jida ak sou sòlda li yo, yo kouri al atake yo sou dèyè.
17Batay la vin mangonmen. Moun mouri kou bèt nan de lame yo.
18Jida mouri tou, epi rès jwif yo met deyò.
19Jonatan ak Simon pote kadav Jida, frè yo a, ale. Yo antere l nan kavo fanmi an lavil Moden.
20Tou moun pèp Izrayèl yo te nan gwo lapenn pou li. Yo pase anpil jou ap kriye pou li, yo t'ap di konsa:
21— Gade jan vanyan gason nou an tonbe non,
Li menm ki te pote delivrans pou pèp Izrayèl la!
22Tout rès istwa Jida a, tout lagè li te fè yo, tout zak vanyan gason li te fè yo, tousa li te reyalize pou peyi a, yo sitèlman anpil, yo pa rive kouche yo sou papye.
Jonatan pran plas Jida23Apre Jida mouri, jwif ki te trayi pèp yo a leve tèt yo ankò toupatou nan peyi Izrayèl. Tout malveyan yo parèt tèt yo ankò.
24Lè sa a, yon gwo grangou tonbe sou peyi a, epi tout moun nan peyi a pran mache ak yo.
25Bakidès fè esprè, li chwazi jwif ki te trayi relijyon yo, li mete yo aladwat pou dirije peyi a.
26Mesye sa yo mete chache tout zanmi Jida yo, yo lage yon koukouwouj dèyè yo. Lè yo pran yo, yo mennen yo devan Bakidès ki pran revanj li sou yo. Lèfini, li pase yo nan wonn betiz.
27Se te yon gwo lafliksyon ki te tonbe sou pèp Izrayèl la lè sa a. Sa te pi mal pase tou sa yo te pase depi jou pwofèt yo te sispann parèt nan mitan yo.
28Lè sa a atò, tout zanmi Jida yo reyini, epi yo di Jonatan konsa:
29— Depi Jida, frè ou la, mouri a, pa gen moun tankou l pou kenbe tèt ak lènmi nou yo, ak Bakidès, ak tout moun ki pa vle wè pèp nou an.
30Kifè jòdi a nou chwazi ou pou ou pran plas li tankou chèf nou, tankou moun k'ap mennen nou nan batay n'ap fè yo.
31Se konsa Jonatan pran baton kòmandman an nan plas Jida, frè li a.
Premye batay Jonatan an32Lè Bakidès pran nouvèl yo te mete Jonatan chèf nan plas Jida, li sòti pou li touye l.
33Lè Jonatan ak Simon, frè l la, ansanm ak tout moun ki t'ap mache avè l yo vin konn sa, y'al kache nan dezè Tekoa a, yo moute kan yo bò sitèn Asfa a.
34Bakidès vin konn sa jou repo a. Menm lè a, li janbe lòt bò larivyè Jouden ak tout lame li a.
35Jonatan voye Jan, frè li a, ki te reskonsab moun ki t'ap pote pwovizyon pou lame a, al mande moun Nabata yo, zanmi yo, pèmisyon pou li mete pwovizyon li yo an depo lakay yo paske li te gen anpil bagay.
36Men, moun Janbri yo sòti lavil Medaba, yo mete men sou Jan, yo sezi tout pwovizyon yo, yo pati ak yo.
37Kèk tan apre sa, yo vin di Jonatan ak Simon, frè l la, moun Janbri yo te gen yon gwo maryaj yo t'ap fete, yo t'ap mennen lamarye a, pitit fi yonn nan grannèg peyi Kanaran yo, sòti lavil Nadabòt nan yon gwo kòtèj.
38Lè sa a, Jonatan ak moun pa l yo vin chonje jan moun Janbri yo te touye Jan, yo moute nan mòn yo al kache tann yo sou chemen yo.
39Yo gade, yo wè marye nan mitan yon foul moun ki t'ap fè anpil bri epi ki t'ap pote yon bann pwovizyon. Li t'ap mache al kontre ak kòtèj lamarye a. Ansanm ak marye a te gen fanmi l yo ak zanmi l yo ki te byen ame. Yo t'ap bat tanbou, yo t'ap jwe lòt enstriman mizik.
40Jwif yo sòti kote yo te kache a, yo fè yon va sou moun yo, yo masakre yo. Anpil nan moun yo mouri. Sa ki chape yo pran kouri al kache nan mòn yo. Jwif yo pran tou sa moun yo te genyen yo pote ale.
41Se konsa fèt nòs la tounen yon gwo lapenn, bèl mizik kè kontan yo a tounen gwo plenn pou sa ki te rive yo a.
42Se konsa Jonatan te pran revanj pou frè l yo te touye a. Apre sa, li tounen tounen l nan marekaj bò larivyè Jouden an.
Batay bò larivyè Jouden an43Bakidès pran nouvèl sa ki te rive, li desann bò larivyè Jouden an jou repo a ansanm ak yon gwo lame.
44Lè sa a, Jonatan di moun pa l yo konsa:
— Annou wè! Ann goumen rèd mare pou defann lavi nou, paske nou poko janm nan yon sitirasyon ki pi malouk tankou sa nou ye jòdi a.
45Nou gen lènmi devan nou, dlo larivyè Jouden an sou dèyè, ak marekaj yo ak gwo ma dlo yo sou chak bò. Pa gen kote nou ka pase pou chape kò nou.
46Annou rele nan pye Bondye pou l ka sove nou anba men lènmi nou yo!
47Batay marye. Jonatan lonje men l pou li frape Bakidès, men Bakidès renka kò l, li chape.
48Lè sa a atò Jonatan ak tout moun pa l yo lage kò yo nan dlo larivyè Jouden an, yo naje jouk yo rive lòt bò larivyè a. Men, lènmi yo pa swiv yo nan dlo a.
49Jou sa a, jwif yo te desann mil (1.000) moun konsa nan lame Bakidès la.
Alkim mouri50Bakidès tounen lavil Jerizalèm, epi li tanmen ranfòse defans nan anpil lavil peyi Jide yo, tankou fò ki lavil Jeriko, lavil Emayis, lavil Bètowon, lavil Betèl, lavil Timnat, lavil Faraton ak lavil Tefon. Li bati miray ranpa byen wo ak gwo pòtay ak ba pou fèmen yo.
51Nan tout lavil sa yo, li mete yon ganizon moun pa l pou regle ak jwif yo.
52Li ranfòse miray ranpa lavil Bèt-Sou ak lavil Gezè ansanm ak sitadèl lavil Jerizalèm lan, li mete yon ganizon moun pa l la ansanm ak depo pwovizyon.
53Li pase men l pran pitit gason moun ki chèf nan peyi a tankou garanti, li fè fèmen yo nan sitadèl lavil Jerizalèm lan.
54Apre sa, nan dezyèm mwa lanne sansenkanntwa a (153), Alkim bay lòd pou yo demoli miray ki nan lakou anndan Tanp lan. Li t'ap kraze travay pwofèt yo te fè a. Men, lè yo tanmen demoli miray la,
55Alkim fè yon kriz kè ki anpeche l fini travay la. Li te paralezi, bouch li te lou, li pa te ka pale ni li pa te ka bay dènye volonte l sou byen li yo.
56Se konsa Alkim t'ap soufri anpil lè li mouri.
57Lè Bakidès pran nouvèl Alkim mouri, li tounen al jwenn wa a. Epi pandan dezan peyi Jide a te gen lapè.
Bakidès tounen yon dènye fwa nan peyi Jide58Tout jwif ki te trayi relijyon yo a reyini pou yo wè sa yo ka fè. Yo t'ap di konsa:
— Jonatan ak patizan l yo ap viv kèpòpòz san danje. Annou fè chache Bakidès kounyeya pou l arete yo tout yon sèl nwit lan.
59Yo pati al wè Bakidès, yo pale avè l.
60Bakidès leve, li pran chemen peyi Jide a ansanm ak yon gwo lame. Li voye lèt an kachèt bay tout moun peyi Jide ki t'ap mache ansanm ak li yo, li ekri mande yo pou yo mete men sou Jonatan ak patizan l yo. Men, koze a vante, konsa yo pa te ka fè sa.
61Patizan Jonatan yo arete senkant konsa nan moun peyi a ki te dèyè konplo a, yo touye yo.
62Jonatan, Simon ak patizan l yo al kache kò yo lavil Bètbasi nan dezè a. Lavil la te fin kraze. Mesye yo rebati l, yo ranfòse miray ranpa yo pou fè defans li.
63Lè Bakidès vin konnen mesye sa yo te Bètbasi, li reyini tout lame li a, epi li voye mesay bay tout zanmi li te gen nan peyi Jide.
64Apre sa, li vin moute kan li devan lavil Bètbasi. Pandan anpil jou li atake lavil la ak machin lagè li te fè fè pou li.
65Jonatan kite Simon, frè l la, anndan lavil la, li menm li sòti ak yon ti ponyen sòlda nan plenn lan.
66Li atake lavil Adomera, li bat moun yo ansanm ak moun Faziwon yo nan pwòp kan yo. Apre batay sa yo, li tounen ak plis sòlda.
67Simon menm ak moun pa l yo fè yon sòti andeyò lavil la. Yo met dife nan machin lagè yo.
68Yo goumen ak Bakidès, yo fè l kouri. Yo fè mesye dekouraje anpil dèske atak li a pa te pran, dèske plan li te gen nan tèt li a pa te mache.
69Mesye move anpil sou jwif trèt yo ki te ba li konsèy vin nan peyi a. Li fè touye anpil ladan yo. Apre sa, li pran desizyon pou l tounen nan peyi l ansanm ak moun li yo.
70Lè Jonatan vin konn sa, li voye mesaje bò kote Bakidès pou siyen avè l yon kontra pou yo pa goumen yonn ak lòt ankò, lèfini pou Bakidès renmèt li tout jwif li te fè prizonye yo.
71Bakidès dakò, li asepte kondisyon Jonatan yo, li pwomèt pou li pa janm chache fè l anyen ki mal jouk jou li mouri.
72Li pran tout jwif li te fè prizonye anvan sa nan peyi Jide a, li renmèt yo bay Jonatan. Apre sa, li tounen nan peyi li, epi li pa janm mete pwent pye l nan peyi Jide ankò.
73Se konsa, yo sispann fè lagè nan peyi Izrayèl la. Jonatan al rete lavil Mikmak kote li t'ap gouvènen pèp la, epi li disparèt tout jwif ki te vire do bay relijyon yo a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.