Ezayi 26 - 1998 Haitian Creole

Bondye fè pèp li a genyen batay la

1Jou sa a, pèp la va chante kantik Senyè, Oze 5.15 lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn.

Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.

17Senyè, Eza 13.8 nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche,

k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l.

18Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè.

Men, lè pou l akouche, li pa fè anyen.

Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove.

Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.

19Se Eze 37.12; Da 12.2; Oze 13.14 pou mò ou yo reviv!

Se pou kadav yo resisite!

Reveye nou non epi fè kè nou kontan,

nou menm ki tounen pousyè deja!

Menm jan lawouze rafrechi latè,

se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.

Bondye pral pini tout krim

20Ale Eza 10.25 non, pèp mwen an! Antre lakay nou! Fèmen tout pòt dèyè nou! Kache kò nou pou yon ti tan jouk lè kòlè Bondye a fin pase.

21Senyè a Mi 1.3 ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help