Jeremi 19 - 1998 Haitian Creole

Kannari kraze a

1Senyè a di m konsa:

— Leve bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesay m'a ba ou a.

3Men 1 Sam 3.11; Jer 17.20 sa w'a di yo:

— Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesay Senyè a. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.

4M'ap Jer 1.16; 2.34; 2 Wa 21.16 fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pat dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pat janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.

5Yo Lev 18.21; Jer 32.35; Jer 7.31,33 moute lòt lotèl pou Baal.

Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m.

6Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l Fon Masak la.

7Se Lev 26.17; Eza 19.3 isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki sòti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.

8M'ap Jer 18.16 fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l.

9Lè Lev 26.29; Det 28.53; Eze 5.10 lènmi yo, moun ki sòti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.

10Lè Jer 51.63,64 sa a, Senyè a di m:

— W'a kraze kannari a devan je mesye ki te al avè ou yo.

11W'a Sòm 2.9; Pwo 6.15; Lam 4.2 di yo: Men pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.

12Se 2 Wa 23.10,12 sa mwen pwomèt pou m fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt.

13Wi, Det 4.19; 2 Wa 23.12; Jer 7.18; 32.29; Sof 1.5; Tra 7.42 kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.

14Lèfini, 2 Kwo 20.5; Jer 26.2 Jeremi kite Tofèt kote Senyè a te voye l al bay mesay li a, l'al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:

15— Men Jer 7.26 pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m di yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help