1Sou reny Oniyas, granprèt la, Jerizalèm, lavil Bondye a, t'ap viv ak kè poze, tout bagay t'ap mache byen. Tout moun t'ap mache dapre lalwa san mank paske Oniyas t'ap sèvi Bondye, li pa te vle wè sa ki mal.
2Ata wa lòt nasyon yo te gen gwo respè pou Tanp lan, yo te konn voye kado ki te pi chè yo pou anbeli Tanp lan.
3Se konsa Selesis, wa zòn Lazi a, te konn pran lajan nan kès pèsonèl li pou peye tout depans ki gen pou fèt lè y'ap ofri bèt pou touye nan Tanp lan.
4Men, yon nonm yo rele Simon, moun nan branch fanmi Bilga a, vin gen kont ak Oniyas, granprèt la, sou regleman mache ki nan lavil la. Simon sa a te chèf reskonsab tanp lan.
5Lè li wè li pa te ka gen rezon sou Oniyas, l'al jwenn Apoloniyis, moun lavil Tas, ki te gouvènè zòn Selesiri ak zòn Fenisi lè sa a.
6Li rakonte l kijan sitèlman te gen lajan nan kès trezò Tanp lan lavil Jerizalèm, yo pa te ka konte kantite yo genyen, lèfini lajan sa a te depase anpil anpil sa yo bezwen pou fè ofrann bèt nan Tanp lan. Li bay lide pou yo pran rès lajan yo pa bezwen an pou yo mete l sou kont wa a.
Wa a voye Elyodò lavil Jerizalèm7Lè Apoloniyis jwenn ak wa a, li rakonte l sa yo te vin di l sou richès ki nan tanp lan. Wa a chwazi Elyodò ki te chèf reskonsab tout zafè wa a, li voye l avèk lòd esprès pou li pran richès sa yo pote vini.
8Lamenm Elyodò leve, li pati. Li fè tout moun konprann se yon vizit enspeksyon li ta pral fè nan lavil ki nan zòn Selesiri ak zòn Fenisi yo. Men, se sa wa a te voye l fè a li ta pral fè.
9Lè li rive lavil Jerizalèm, granprèt la ak moun lavil yo resevwa l de bra louvri. Li menm, li fè yo konnen poukisa li te vin lavil Jerizalèm, ak sa yo te di l sou richès nan tanp lan. Li ta renmen konnen si tou sa yo te di l sou richès tanp lan te vre.
10Granprèt la esplike l kijan nan trezò tanp lan te gen yon lajan yo te mete apa pou fanm ki vèv ak pou timoun san papa yo,
11ak yon lajan Ikan, pitit Tobiyas, yon nonm ki te nan gwo pozisyon, te mete an depo ladan l. Li fè l konprann sa Simon, nonm ki san respè pou Bondye a, t'ap mache di a pa te vre. Se sèlman trantmil (30.000) liv ajan ak kenzmil (15.000) liv lò ki te gen antou nan Tanp lan.
12Apa sa, li di li tout jan li pa wè posibilite pou yo manyen lajan moun sa yo ki te mete konfyans yo nan yon kote ki apa pou Bondye, nan yon tanp tout moun sou latè respekte, yon tanp ki garanti pwoteksyon pou sa ki ladan l. Se ta yon gwo lenjistis yo ta fè yo la a.
13Men, Elyodò te kenbe fèm se pou yo renmèt li lajan depo yo pou lal mete yo nan kès wa a, dapre lòd wa a te bay la.
Lavil Jerizalèm tèt anba14Se konsa li fikse yon jou pou sa fèt. Lè jou a rive, l'ale nan tanp lan pou l kontwole tout lajan ki te ladan l. Lè moun yo pran nouvèl la tout lavil la te tèt anba.
15Prèt yo ak tout rad seremoni yo sou yo, lage kò yo fas atè devan lotèl la, yo lapriyè Bondye ki bay lalwa ki vle pou moun respekte lajan yo mete an depo nan tanp lan, yo mande l pou anyen pa rive lajan moun sa yo ki te nan kès depo Tanp lan.
16Se bagay ki te fann kè moun pou yo wè granprèt la. Figi l te kagou, li t'ap chanje koulè sitèlman li t'ap soufri nan kè li.
17Li t'ap tranble nan tout kò li sitèlman li te pè. Ou te annik gade l pou ou te konprann tout doulè ki te chita nan kè li.
18Pèp la kouri sòti lakay yo al fè gwoup pou yo lapriyè ansanm paske gwo malè derespektan te pandye anwo Tanp Bondye a.
19Medanm yo te gen yon rad sak mare anba tete yo, ak tout tete yo deyò. Yo pran lari pou yo. Jennfi yo ki te konn ret fèmen anndan kay pou moun pa wè yo, kouri al nan pòtay, ak sou miray lavil yo, osinon yo parèt tèt yo nan fennèt lakay yo.
20Yo tout, kote yo te ye, yo t'ap leve bra yo anlè ap lapriyè Bondye.
21Sa te fè lapenn pou wè foul moun yo ajenou tèt yo bese jouk atè, yo pa te konn sa pou yo di, epi pou wè granprèt la menm ak yon sèl kè sere pou sa li wè ki pral rive Tanp lan.
Bondye pini Elyodò22Antan pèp la yon bò t'ap lapriyè Granmèt ki gen tout pouvwa a pou li pa kite anyen rive lajan moun yo te mete nan depo paske yo te gen konfyans nan Tanp lan,
23Elyodò bò pa l t'ap pare pou l fè sa li te deside fè a.
24Men, rive li rive bò trezò a ansanm ak gad pèsonèl li yo, Bondye ki chèf tout lespri ak tout otorite ki nan syèl la parèt nan yon sèl gwo bèl vizyon, li fè tout moun ki te penmèt yo antre nan chanm lan ansanm ak Elyodò yo pèdi tout fòs kouray yo. Lè yo wè fòs pouvwa Bondye a, yon sèl anvi kouri pran yo.
25Nan aparisyon an, yo wè yon chwal ak yon kavalye byen move sou li. Aparèy ki te sou chwal la te bèl ak anpil dekorasyon koute chè sou li. Chwal la vanse sou Elyodò, li t'ap pyafe devan figi l. Kavalye ki te sou li a te gen yon rad lagè fèt an lò.
26De jenn gason parèt devan je Elyodò tou. Yo te grannèg anpil. Pou bèl yo te bèl anpil, ak bèl rad sou kò yo. Yo vin kanpe yonn chak bò Elyodò, epi yo pran bat li san rete, yo ba li yon bèl kal.
27Elyodò rete konsa li tonbe atè, li wè tou nwa. Yo ranmase l leve atè a, yo mete l sou yon branka.
28Se konsa Elyodò ki te antre nan chanm trezò Tanp lan ak yon bann moun avè l ansanm ak tout gad pèsonèl li yo, li pa te ka menm soutni kò li, se pwòp moun pa l yo menm ki t'ap pote l ale, antan yo t'ap rekonèt byen fò devan tout moun gwo pouvwa Bondye a.
29Elyodò te kouche la, li te pèdi lapawòl. Apre Bondye te fin bat li ak pouvwa li genyen an, li te pèdi tout espwa pou l te refè.
30Jwif yo menm t'ap di Bondye mèsi pou mirak sa li te fè pou pwoteje kay ki apa pou li a. Konsa, tout moun nan tanp lan ki te nan lapèrèz ak kè sere, se yo menm ankò, apre Granmèt la te fin fè wè tout pouvwa li a, ki te nan gwo kè kontan, ki t'ap fè fèt.
31De twa nan moun ki te avèk Elyodò yo kouri vin mande Oniyas pou li lapriyè Bondye ki anwo nèt nan syèl la pou li sove lavi nonm sa a ki te kouche prèt pou mouri.
32Granprèt la menm te pè pou wa a pa te met nan tèt li se jwif yo ki te pase Elyodò nan betiz. Se konsa li ofri bèt pou touye pou mande Bondye pou li sove lavi Elyodò.
33Antan granprèt la t'ap fè ofrann pou mande padon an, menm de jenn gason yo, avèk menm rad yo sou yo, parèt devan Elyodò ankò, epi yo di l konsa:
— Se pou ou gen Oniyas, granprèt la, anpil rekonesans, tande. Paske se poutèt li Granmèt la sove lavi ou.
34Chonje se Bondye menm ki te ba ou bèl kal sa a. Kounyeya, mache fè tout moun konnen gwo pouvwa Bondye a.
Lè yo fin di sa, yo disparèt.
Elyodò fè lwanj Bondye35Elyodò ofri bèt pou yo touye pou Granmèt la, epi li pran angajman l'ap fè anpil bagay pou Bondye ki te sove lavi li a. Apre sa, li di Oniyas orevwa tankou de bon zanmi, epi li tounen al jwenn wa a ansanm ak tout lame li a.
36Li t'ap rakonte bay tout moun tout bèl mèvèy Bondye ki gen pouvwa a te fè, bagay li te wè ak pwòp je pa li.
37Lè wa a mande l kimoun dapre li ki ta pi bon pou yo voye yon dezyèm fwa ankò lavil Jerizalèm, Elyodò reponn, li di wa a konsa:
38— Monwa, si ou gen yon moun ki pa vle wè ou, osinon yon moun k'ap fè konplo sou do gouvènman ou lan, ou mèt voye l laba a. Li gen pou l tounen vin jwenn ou ak tout kò li chire anba kout fwèt, si li gen chans tounen, paske, bagay sèten, gen yon pouvwa apa ki sòti nan Bondye ki la nan tanp sa a.
39Bondye ki gen kay li nan syèl la ap veye sou tanp sa a, lap pwoteje l. Moun ki konprann pou yo antre ladan l avèk move lide nan tèt yo, l'ap bat yo byen bat, l'ap detwi yo.
40Se konsa sa te pase pou Elyodò, se konsa Bondye te sove trezò ki nan tanp lan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.