Barik 2 - 1998 Haitian Creole

1Wi, Granmèt la kenbe pawòl li, li fè sa li te di l'ap fè nou an, nou tout: ki vle di ni chèf ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la yon lè, ni wa nou yo, ni lòt zotobre nou yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun peyi Izrayèl yo.

2Sou tout latè, pa janm rive anyen ki ka tankou sa ki rive lavil Jerizalèm, dapre sa ki ekri nan lalwa Moyiz la.

3Wi, nou te rive yon bout kote yon moun ap manje vyann pitit gason li, yon lòt ap manje vyann pitit fi li.

4Granmèt la lage moun pèp Izrayèl yo nan men wa k'ap gouvènen lòt peyi ki tout bò kote yo, li fè tout pèp sa yo pase yo nan betiz, li fè peyi moun Izrayèl yo tounen yon dezè nan mitan tout peyi ki nan zòn bò kote yo, kote Granmèt la te gaye yo a.

5Paske nou te peche kont Granmèt la, Bondye nou an, paske nou pa te koute l lè li t'ap pale ak nou an, se nou menm ki tonbe anba ponyèt lòt moun pase se yo menm ki tonbe anba ponyèt pa nou.

6Rezon an se nan men Granmèt la, Bondye nou an, sa ye. Men, pou nou ak pou zansèt nou yo se lawontèz, jan yo ka wè sa kounyeya sou figi nou.

7Tout malè Granmèt la te fè konnen ki gen pou rive nou yo tonbe sou nou vre.

8Lèfini, nou pa te lapriyè Granmèt la pou l te ka ede nou vire do bay tout move lanvi ki nan kè nou yo pou nou te ka tounen vin jwenn li.

9Se konsa Granmèt la te veye pou tout malè sa yo rive nou vre. Li te voye yo sou nou paske li gen rezon nan tou sa li mande nou fè a.

10Men, nou pa te koute l lè li t'ap di nou pou nou mache dapre lòd li te mete devan nou yo.

Lapriyè pou Bondye delivre pèp la

11Kounyeya menm, Granmèt, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè pèp ou a sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou, ak fòs kouray ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy. Kifè, depi lè sa a rive jouk jounen jòdi a, y'ap nonmen non ou.

12Wi, nou fè peche, nou fè sa ki mal, nou fè anpil bagay ki pa dwat devan je ou, Granmèt, Bondye nou, bagay ki pa dakò ak sa ou mande nou fè.

13Pa move sou nou ankò, tanpri, paske ou lage nou san defans, nou tounen yon ti ponyen nan mitan lòt nasyon kote ou gaye nou yo.

14Tanpri, Granmèt, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou. Fè pa nou, fè nou gras pou moun ki depòte nou yo aji byen ak nou. Fè sa pou ou menm,

15pou tout moun sou latè ka konnen se ou menm ki Granmèt la, Bondye nou an, paske se non ou Izrayèl ak tout moun ras li yo pote.

16Granmèt, rete anwo nan kay ki apa pou ou a, voye je ou gade. Pran ka nou. Tanpri, Granmèt, pare zòrèy ou tande.

17Louvri je ou gade. Se pa moun mouri ki nan peyi lanmò a ki pral fè lwanj ou, ki pral ba ou rezon. Yo pa gen souf lavi nan yo ankò.

18Men, moun ki pral fè lwanj ou, moun ki pral ba ou rezon se moun ki nan gwo lafliksyon yo, moun k'ap mache do ba tou fèb yo, se moun ki pa ka wè klè nan je yo, se moun k'ap mouri grangou yo.

19Konsa, kifè nou vin ap rele lapriyè nan pye ou, Granmèt, Bondye nou, se pa paske nou pran fòs sou bagay dwat zansèt nou yo ak wa nou yo te fè.

20Sèten, ou fache sou nou anpil, w'ap fè kòlè sou nou jan ou te fè nou konn sa nan pawòl ou te mete nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo, lè yo te di:

21Se Granmèt la menm k'ap pale. Bese zepòl nou! Travay pou wa Babilòn lan. Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo.

22Men, si nou pa koute Granmèt la ki di pou nou sèvi wa Babilòn lan,

23m'ap fè yon jan pou ni nan lavil Jerizalèm ni nan okenn lòt lavil peyi Jida yo yo p'ap tande ankò vwa moun ki kontan epi k'ap pran plezi yo, vwa jenn gason ak jenn fi k'ap marye yo. Tout peyi a nèt pral tounen yon dezè san pèsonn ladan l.

24Men, nou pa te koute lòd ou te ban nou pou nou te sèvi wa Babilòn lan. Se konsa, ou kenbe pwomès ou te mete nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo, pou fè nou konnen yo: yo gen pou yo rache wa nou yo ak zosman zansèt nou yo sòti nan tonm yo.

25Se konsa vre, men yo blayi atè a nan chalè solèy lajounen ak nan fredi lannwit. Yo mouri nan gwo soufrans, nan grangou, nan lagè, nan depòte.

26Kay kote yo te konn fè sèvis pou ou a, se ou ki mete l nan eta ou wè l jòdi a, tou sa poutèt mechanste moun peyi Izrayèl yo ak mechanste moun peyi Jida yo.

Bondye, chonje pwomès ou te fè yo

27Tansèlman, Granmèt, Bondye nou an, nan bon kè ou ak nan kè sansib ou toujou gen pou nou an, ou te boule byen ak nou,

28dapre sa ou te mete nan bouch Moyiz, sèvitè ou la, pou fè nou konnen an, jan ou te ba li lòd ekri lalwa a devan moun Izrayèl yo. Ou te di:

29Si nou pa koute sa m'ap di nou, n'ap wè gwo foul moun sa yo tounen yon ti ponyen nan mitan lòt nasyon kote m'ap gaye yo a.

30Men, mwen konnen yo p'ap koute m, paske se yon pèp ki gen tèt di yo ye. Atousa, lè y'a nan peyi kote yo pral depòte yo a, yo pral tonbe kalkile nan tèt yo,

31y'a rekonèt se Granmèt la, Bondye yo a, mwen ye. M'a ba yo konprann, m'a louvri zòrèy yo pou yo tande.

32La, nan mitan peyi kote yo te depòte yo a, y'a fè lwanj pou mwen, y'a chonje mwen.

33Y'a sispann fè tèt di avè m, y'a vire do bay tou sa yo t'ap fè ki mal yo, y'a chonje sa ki te rive zansèt yo ki te fè peche kont Granmèt la.

34Mwen menm m'a fè yo tounen ankò nan peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt yo. Y'ap pran peyi a pou yo ankò. M'ap fè yo vin anpil. Kantite moun yo p'ap bese ankò.

35M'ap siyen ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan, m'ap pran angajman mwen menm m'ap Bondye yo pou yo menm yo ka pèp mwen. Wi, mwen p'ap janm fè pèp Izrayèl mwen an sòti kite peyi mwen te ba yo a ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help