1Granprèt la mande Etyèn:
— Eske se vre?
2Etyèn se va yonn nan frè nou yo.
38Se
47Men 1 Wa 6.1 se Salomon ki te bati kay la pou li.
48— Men, Eza 66.1,2 Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di:
49Syèl la se fòtèy kote m chita a. Se Bondye ki di sa.
Tè a se yon ti ban pou m lonje pye mwen.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?
50Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo?
51— Ala Egz 32.9; Lev 26.41; Nonb 27.14; Jer 9.26; Eza 63.10 moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.
52Kilès 2 Kwo 36.16; Mat 23.31 nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.
53Se Egz 20.1-26; Gal 3.19; Eb 2.2 nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.
Etyèn mouri54Lè Tra 5.33 manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kòlè.
55Men Lik 22.69 Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.
56Li di:
— Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
57Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm.
58Yo Tra 22.20 trennen l deyò lavil la. Yo touye l ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl.
59Pandan Sòm 31.5; Lik 23.46 yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di:
— Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.
60Apre Lik 23.34 sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò:
— Senyè, pa mete peche sa a sou kont yo.
Lè l fin di sa, li mouri.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.