1(1b) Senyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m, reponn mwen,
paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
2Pa kite m mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m fè.
Bondye mwen, delivre m non,
paske se ou menm m'ap sèvi,
se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
3Gen Sòm 56.1; 57.1 pitye pou mwen, Senyè,
paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
4Fè Sòm 25.1 kè sèvitè ou la kontan, Senyè,
paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
5Senyè, Nonb 14.18; Sòm 130.4 ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo.
Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
6Senyè, Sòm 55.1 koute m non lè m'ap lapriyè!
Tande m non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m Sòm 17.6; 77.2 nan tray, se ou menm mwen rele,
paske ou toujou reponn mwen.
8Senyè, Egz 15.11; Det 3.24; 1 Sam 2.2; Sòm 35.10 nan tout bondye yo, pa gen tankou ou!
Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
9Tout Sòm 66.4; Eza 66.23; Rev 15.4 nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou!
Y'a fè lwanj ou,
10paske Det 6.4; Sòm 72.18; Eza 37.16; 1 Kor 8.4; Ef 4.6 se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa,
se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo.
Se ou menm sèl ki Bondye.
11Senyè, Sòm 25.4; 26.3 moutre m jan ou vle m viv la.
M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans.
Moutre m jan pou m sèvi ou avèk krentif.
12Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m,
mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
13Ala Sòm 30.3; 56.13 renmen ou renmen mwen!
Ou wete m nan bouch twou a.
14Bondye, Sòm 54.3 yon bann awogan leve dèyè m!
Yon kantite mechan sòti pou yo touye m!
Yo pa menm chonje si gen Bondye!
15Senyè, Egz 34.6; Ney 9.17; Sòm 103.8; 111.4; 145.8; Jowèl 2.13; Jo 4.2 ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou,
yon Bondye ki gen bon kè.
Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou,
ou toujou kenbe pawòl ou!
16Voye Sòm 25.16; 116.16 je ou sou mwen.
Gen pitye pou mwen!
Ban m fòs ankò, delivre m,
paske mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou.
17Fè Jij 6.17 kichòy pou mwen, Senyè!
Fè moun ki pa vle wè m yo wont,
lè yo wè se ou menm ki pote m sekou,
se ou menm ki ban m konsolasyon!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.