Ebre 3 - 1998 Haitian Creole

Jezi gen plis pouvwa pase Moyiz

1Se poutèt sa, frè mwen yo, nou menm ki Eb 4.14 apa pou Bondye, nou menm Bondye rele nan syèl la, annou fikse je nou sou Jezi, moun Bondye voye pou sèvi nou nan konfyans nou genyen an.

2Paske Nonb 12.7 li pat twonpe Bondye ki te chwazi l pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.

3Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.

4Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.

5Moyiz Nonb 12.7 te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye ta pral di pita.

6Men, Ef 2.19; Kol 1.23 Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.

Repo Bondye sere pou pèp li a

7Se Sòm 95.7-11 poutèt sa, jan Sentespri te di l la:

Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

8pa Egz 17.7; Nonb 20.2-5 kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l,

lè yo te chache kont ak Bondye a,

tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.

9Lè sa a, zansèt nou yo te tante m, yo te sonde m atout yo te deja wè tou sa m t'ap fè depi karantan.

10Se sa k fè, mwen te fache sou moun sa yo.

Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo.

Yo derefize obeyi kòmandman m yo.

11Mwen Nonb 14.21-23 te fè kòlè, mwen te fè sèman:

Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

12Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

13Okontrè, 1 Tes 5.11 chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

14Paske, Eb 6.11; 11.1 nou se konpayon yonn ak lòt k'ap mache ak Kris, depi nou kenbe fèm jouk sa kaba nan konfyans nou genyen depi nan kòmansman an.

15Men Sòm 95.8 sa ki ekri nan Liv la:

Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.

16Kilès Egz 17.1 sa yo ki te tande vwa Bondye, men ki, apre sa, te fè kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip yo.

17Sou Nonb 14.29; 1 Kor 10.10 ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

18Lè Nonb 14.22,23 Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.

19Nou wè vre, yo yonn pat kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pat gen konfyans.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help