Egzòd 11 - 1998 Haitian Creole

Lanmò tout premye pitit

1Senyè a di Moyiz:

— Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon Egz 12.31,33,39 an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò.

2Pale Egz 3.22; 12.35 ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazin yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò.

3Senyè a Egz 3.21; 12.36 te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil.

4Moyiz Egz 12.12,29 di farawon an:

— Men sa Senyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.

5Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fòtèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.

6Pral Am 5.16,17 gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande anko.

7Men, Egz 8.22; Joz 10.21 nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Senyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la.

8Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. Y'a di m: Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati.

Lèfini, Moyiz sòti byen fache lakay farawon an.

9Senyè a Egz 7.3,4 di Moyiz:

— Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip.

10Moyiz Egz 4.21 ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pat vle kite moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi a. Senyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help