1Senyè a di ankò:
— Koute m byen
22Mwen Eza 43.25 te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la.
Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
23Ou Eza 49.3,13; 55.12 menm syèl la, chante byen fò!
Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt!
Se pou mòn yo rele tank yo kontan!
Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt.
Paske Senyè a delivre fanmi Jakòb la,
li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
24Men sa Senyè a di, li menm ki delivre nou,
li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou:
— Se mwen menm, Senyè a, ki fè tout bagay.
Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou.
Lè m t'ap fè latè, kilès ki te ede m?
25Se Eza 19.3 mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo.
Se mwen menm ki fè divinò yo depale.
Mwen demanti pawòl moun save yo.
Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
26Men 2 Kwo 36.22,23; Jer 32.15,44 lè sèvitè m pale, mwen ba l rezon.
Lè mesaje m yo bay yon pawòl, mwen fè l rive vre.
Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò.
Yo pral rebati lavil peyi Jida yo.
Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
27Mwen Eza 51.10 menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche,
m'ap cheche tout rivyè nou yo.
28Mwen 2 Sam 5.2; Esd 1.1-3 di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen!
Li pral fè tou sa m'a mande l fè.
Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm,
pou yo refè fondasyon Tanp Bondye a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.