1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Ou poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a.
25Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,
26yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
27Yo Egz 3.8; Det 1.25 di Moyiz konsa:
— Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l.
28Men, Det 1.28 moun ki rete nan peyi a grannèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun grannèg bèl wotè.
29Moun Egz 17.8 Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun Et yo, moun Jebis yo ak moun Amori yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
30Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa:
— Ann moute kounyeya. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!
31Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa:
— Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.
32Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di:
— Peyi nou ta l vizite a, peyi nou ta l chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
33Sa Jen 6.4 ki pi rèd, nou wè yon kalite grannèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.