Sòm 101 - 1998 Haitian Creole

SÒM 101 (100)Angajman wa a devan Bondye(1a) Se Egz 34.7 yon sòm David.

1(1b) M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè.

M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri.

Se pou ou m'ap chante, Senyè!

2M'ap 1 Sam 18.14; 1 Wa 9.4; Pwo 11.20; Jan 14.23 mennen yon lavi san repwòch.

Kilè w'a vin jwenn mwen?

3M'ap 1 Sam 12.20 mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen.

Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen.

Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè.

Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.

4Mwen Pwo 17.20; 2 Tim 2.19 pa tolere moun ki gen move kè bò kote m.

Mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ki mechan.

5M'ap Pwo 16.5; 21.4 disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt.

Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.

6M'ap Sòm 119.1; Mat 5.48 pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm.

M'ap kite yo rete bò kote m.

Moun k'ap mache dwat yo,

se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.

7Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen.

Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.

8Chak Sòm 46.4; 94.4 maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a.

Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help