Matye 4 - 1998 Haitian Creole

Grandyab la sonde Jezi(Mak 1.12-13; Lik 4.1-13)

1Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan Mak 1.12,13; Lik 4.1-13 dezè a pou Eb 4.15 satan ka sonde li.

2Jezi Egz 34.28; 1 Wa 19.8 pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

3Lè Jen 3.1-7 sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa:

— Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.

4Jezi Det 8.3 reponn li:

— Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

5Apre Mat 27.53 sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan.

6Li Sòm 91.11,12 di Jezi konsa:

— Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri:

Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou.

Y'a pote ou nan men yo,

pou pa frape pye ou nan okenn wòch.

7Jezi Det 6.16 reponn li:

— Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.

8Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.

9Li di l konsa:

— M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m.

10Jezi Det 6.13 reponn li:

— Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.

11Fwa Jan 1.51; Eb 1.6,14 sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li.

Jezi konmanse travay li nan peyi Galile(Mak 1.14-15; Lik 4.14-15)

12Lè Mak 1.14,15; Lik 4.14,15 Jezi Mat 14.3 tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile.

13Li Jan 2.12 kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.

14Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:

15Peyi Eza 9.1,2 Zabilon ak peyi Neftali

ki sou wout pou ale bò lanmè a,

peyi ki lòt bò larivyè Jouden an,

peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,

16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè.

Limyè a klere

pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a.

17Depi Mat 3.2 lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di:

— Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.

Jezi rele kat pechè pwason swiv li(Mak 1.16-20; Lik 5.1-11)

18Antan Mak 1.16-20; Lik 5.1-11 Jezi Jan 1.40 t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

19Jezi Mat 13.47; Eze 47.10 di yo konsa:

— Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.

20Lamenm, Mat 19.27 yo kite privye yo, y'ale avèk li.

21Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.

22Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li.

23Jezi Mak 1.39; Lik 4.15,44; Tra 10.38 t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.

24Toupatou Mak 6.55 nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

25Yon Mak 3.7,8; Lik 6.17-19 bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help