1Nou menm, moun Efèz, nou t'ap viv nan lanmò Kol 1.21; 2.13 akoz fot nou, akoz peche nou.
2Se Ef 6.12; Tit 3.3; Jan 12.31; Kol 1.13 nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.
3Lè Kol 3.6 sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo.
4Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,
5Li Lik 15.24,32; Ef 5.14; Wòm 6.13 ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.
6Ansanm Wòm 8.10; Fil 3.20 ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.
7Li Ef 1.7 fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri.
8Se Gal 2.16 paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.
9Non, 1 Kor 1.29 nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.
10Se Tit 2.14 Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.
Nou fè yon sèl kò nan Kris la11Nou Ef 5.8 menm ki pat fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.
12Lè Wòm 9.4; 1 Tes 4.13 sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pat fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pat nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.
13Men Eza 57.19; 52.7; Kol 1.20 kounyeya, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.
14Paske, Eza 9.6; Gal 3.28; Kol 2.14 se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.
15Li 2 Kor 5.17 aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.
16Avèk Kol 1.20,22 lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò.
17Wi, Eza 57.19; Zak 9.10 Kris la te vini, li anonse bòn nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.
18Paske, Ef 3.12 gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentepri a.
19Se Ef 3.6; Eb 12.22,23 sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.
20Nou Mat 16.18; Eza 28.16 menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.
21Se Kol 2.19 li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye.
22Konsa, 1 Pyè 2.5 nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.