1Pa chache gen anpil pitit si se voryen pou yo sòti.
Ou pa bezwen kontan dèske ou gen timoun ki pa konn Bondye.
2Ou te mèt gen anpil timoun, pa fè kè ou kontan pou yo
si yo pa gen krentif pou Bondye.
3Ou pa bezwen gen espwa y'ap viv lontan.
Ou pa bezwen konprann lavi yo ap bèl.
Pito ou gen yon sèl pitit ki fè volonte Bondye
pase pou ou gen mil pitit ki p'ap fè volonte Bondye.
Pito ou mouri san kite pitit
pase pou ou gen pitit ki pa konn Bondye.
4Poutèt yon sèl moun ki gen bon konprann,
yon lavil ka gen anpil moun rete ladan l.
Men, y'ap disparèt tout branch fanmi moun ki pa fè volonte Bondye yo.
5Mwen wè ak je mwen anpil bagay konsa rive.
Mwen tande nan zòrèy mwen bagay ki pi mal toujou.
6Bondye voye dife nan mitan moun ki fè sa ki mal yo.
Kòlè Bondye tonbe sou ras moun k'ap kenbe tèt avè l yo.
7Bondye pa te padonnen gwo moun bèl wòtè tan lontan yo, ki te vire do ba li
paske yo te twò kontan fòs kouray yo te genyen an.
8Li pa te fè pa lavil kote Lòt te rete a,
li pa te ka sipòte lògèy moun sa yo.
9Li pa te gen pitye pou ras moun pèvèti yo.
Yo tout disparèt poutèt peche yo.
10Li aji menm jan an tou ak sisanmil (600.000) moun ki t'ap mache nan dezè a,
paske yo te fè tèt di ak li.
11Menm si ta gen yon sèl grenn moun k'ap fè tèt di avè l,
se ta yon mirak pou l ta rete san chatiman,
paske Granmèt la gen bon kè, men li konn move tou.
Li gen pouvwa ni pou l padonnen ni pou l fè kòlè l tonbe sou moun.
12Menm jan li gen pitye a, se konsa li sevè tou.
Li jije tout moun dapre sa yo fè.
13Li p'ap kite mechan an chape ak sa li vòlò yo.
Moun k'ap sèvi l yo te mèt gen pasyans, li p'ap pa ba yo rekonpans yo.
14Gen yon rekonpans pou tout moun ki fè sa ki dwat.
Men, chak moun ap jwenn sa yo merite.
15Granmèt la te fè Farawon an fè tèt di pou li pat rekonèt li.
Konsa, toupatou sou latè li t'ap fè yo konnen sa li ka fè.
16Li moutre tou sa li kreye jan li gen bon kè.
Li separe limyè ak fènwa bay tout pitit Adan yo.
Pa gen sekrè kache pou Bondye17Pa di: Mwen pral kache pou Granmèt la.
Pa gen moun anwo a ki pral chonje mwen.
Nan mitan foul moun yo, yo p'ap rekonèt mwen.
Nan mitan tout kreyasyon sa a, kisa m ye menm?
18Lè Granmèt la ap vin vizite, tout bagay pral tranble,
ni syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la, ni lanmè a, ni latè a.
19Mòn yo tou ansanm ak fondasyon latè a
pral tranble sitèlman y'ap pè lè Bondye va voye l je l gade yo.
20Bondye p'ap gen tan pou okipe m.
Pèsonn pa enterese nan sa m'ap fè.
21Si m fè peche, pèsonn p'ap wè sa.
Si mwen bay manti anbachal, pèsonn p'ap konn sa.
22Si yon moun fè sa ki dwat, kilès ki pral fè Bondye konn sa?
Tout jan, kimoun k'ap ret tann li?
Li pran twòp tan pou l fè sa li pwomèt l'ap fè a.
23Se konsa moun ki pèdi tèt yo ap kalkile.
Moun sòt yo, bann egare yo, se pawòl moun fou ase yo gen nan tèt yo.
Plas moun nan kreyasyon Bondye a24Pitit mwen, koute sa m'ap di ou, mete konesans sou ou.
Kalkile byen tou sa m pral di ou la a.
25M'ap pran san mwen pou m fè ou konnen lide k'ap travay nan tèt mwen.
M'ap pran tan mwen pou m di ou tou sa mwen konnen.
26Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè travay li,
li mete chak bagay nan plas yo depi lè li t'ap fè yo.
27Li ranje yo byen ranje pou tout tan gentan,
depi jou yo fèt la jouk nan tan apre nèt ale a.
Yo p'ap janm soufri grangou, yo p'ap janm bouke.
Yo p'ap janm vire do bay travay li ba yo fè a.
28Yonn pa jennen lòt nan sa y'ap fè.
Yo pa janm dezobeyi pawòl li.
29Apre sa, Granmèt la voye je l gade latè,
li plen li bon bagay.
30Li kouvri l ak tout kalite bèt
ki gen pou tounen pousyè tè ankò.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.