Pwovèb 17 - 1998 Haitian Creole

1Pito ou manje yon grenn bannann chèch Pwo 15.17 ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.

2Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l wont. L'a jwenn pa l nan eritaj papa a tankou tout pitit.

3Se 1 Kwo 29.17; Sòm 26.2; Pwo 27.21; Jer 17.10 dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Senyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.

4Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti.

5Lè Jòb 31.29; Pwo 14.31; 24.17; Abd 13 w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l.

6Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

7Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.

8Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se w'anga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.

9Si Pwo 10.12; 16.28 ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.

11Mechan 1 Wa 2.29 toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l.

12Pito 2 Sam 17.8; Oze 13.8 ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.

13Si 2 Sam 12.11; Sòm 109.5 ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.

14Lè Pwo 20.3; 25.8 yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.

15Se Egz 23.7; Pwo 18.5; 24.24; Eza 5.23 de kalite moun Senyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.

16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l, li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.

17Yon Rit 1.16; Pwo 18.24 bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

18Fòk Pwo 6.1 yon moun pèdi tèt li nèt pou l garanti dèt yon lòt moun.

19Moun Pwo 29.23 ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

20Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.

21Se Pwo 19.13 lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.

22Kè Sòm 22.15; Pwo 15.13 kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.

23Malveyan Egz 23.8; Mi 3.11 pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.

24Yon Det 30.11-14; Pwo 14.6 moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.

25Yon Pwo 10.1 timoun ki san konprann, se chagren pou papa l, se gwo lapenn pou manman l ki fè l.

26Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.

27Moun Pwo 10.19 ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.

28Moun lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun konprann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help