1 Apre sa, nonm lan fè m antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l lan. Li jwenn li te gen dis pye longè,
2dizwit te gen douz pye epesè.
4Li Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou sòti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan.
8Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan.
9Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras la
10ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan.
11Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l.
Gwo kay ki bò solèy kouche a12Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou.
Mezi tout Tanp lan nèt13Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasanntwit (168) pye longè. Sòti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasanntwit pye tou.
14Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasanntwit pye tou.
15Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasanntwit pye.
Anndan Tanp lan16 Premye Eze 42.5 pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay.
17Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch yo
18pou 1 Wa 6.29 fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi,
19yon Eze 1.10 figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt.
20Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben.
21Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare.
Lotèl bwa aDevan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanble
22yon Egz 30.1; 1 Wa 7.48; Rev 8.3 lotèl bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye ki te nan kat kwen lotèl la, pyès anba a ak kat pyès sou kote yo te fèt ak bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Senyè a.
Pòt yo23Te 1 Wa 6.31-34 gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la.
24Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan.
25Yo 1 Wa 6.29,35 te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki sòti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan.
26Sou Eze 40.48 miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.