Danyèl 11 - 1998 Haitian Creole

1Mwen menm tou mwen te kanpe ak ni moun li te mennen avè l lè sa a.

7Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l. L'ap sòti pi fò pase l.

8L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip.

Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.

9Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.

10Pitit ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l.

17Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l. Pou l ka pran l pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.

18 Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l sou kous li. L'ap fè l sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.

19Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l, y'ap fini nèt avè l, l'ap disparèt.

20Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè.

Move wa peyi Siri a

21Zanj lan t'ap pale toujou. Li di:

— Wa k'ap parèt apre sa a pral yon voryen ki pat gendwa pou l te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.

22Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a.

23L'ap siyen kontra ak lòt nasyon yo, men se pou l ka twonpe yo pi byen. Atout peyi l la tou piti, chak jou l'ap vin pi fò.

24San bay okenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l, ni pèsonn nan zansèt li yo pat janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l yo. L'ap fè plan pou l atake gwo fò yo, men li p'ap gentan fè sa.

25L'ap leve, l'ap pare yon gwo lame pou l atake peyi Lejip. Wa Lejip la menm ap pare yon gwo lame tou ak anpil zam pou koresponn ak li. Men, l'ap pèdi batay la paske y'ap fè move konplo sou do l.

26Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l yo ap fè yo fini avè l. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a.

27Apre yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l sou kous li, l'ap dekouraje.

Lè l'ap tounen. L'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.

31L'ap Da 8.13; 12.11; Mak 13.14 voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.

32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l.

33Chèf Da 12.3,10 ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.

34Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.

35Nan Mal 3.3,4; Rev 7.14 chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.

36Wa Det 10.17; Eza 10.25; Da 7.25; 9.27; 2 Tes 2.4; Rev 13.5,6 peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

37Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn okenn lòt bondye. Se tèt pa l ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.

38Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pat janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li.

39Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.

40Lè Da 11.27 tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.

41L'ap Da 8.9 anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Mowab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l.

42Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape.

43L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letyopi yo bat ba devan li.

44Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri sòti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun.

45L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote Tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pèsonn pou pote l sekou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help