1M degoute ak lavi a.
M pa Nonb 11.15; 1 Wa 19.4; Jòb 7.11,16; 21.4 ka kenbe ankò. Kite m plenn sò mwen!
Kite m di tout lapenn ki nan kè mwen!
2M'a Jòb 9.3,29 di Bondye: Tanpri, pa kondannen m.
Fè m konnen poukisa ou leve dèyè m konsa.
3Eske Sòm 138.8; Eza 64.8 ou gen rezon pou ou fè m tou sa w'ap fè m lan,
pou ou meprize sa ou fè ak men ou,
pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
4Eske 1 Sam 16.7; Jan 8.15 ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l la?
5Lavi Jòb 36.26; Sòm 77.10; 90.4; 2 Pyè 3.8 ou pa tankou lavi pa nou.
Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.
6W'ap Jòb 14.16 chache dènye ti peche moun fè.
Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.
7Ou Det 32.39; Jòb 2.3,9; Eza 43.13 konnen m pa antò.
Pa gen moun ki ka sove m anba men ou!
8Se Sòm 119.73 ak men ou ou te fè m. Se avè l ou te ban m fòm mwen.
Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m ankò?
9Chonje Jen 3.19; Jòb 34.15; Ekl 12.7 se ou menm ki fè m ak labou tè wouj.
Kounyeya, ou pral kraze m fè m tounen pousyè?
10Se ou menm ki bay papa m fòs pou li fè m.
Ou fè m devlope nan vant manman mwen.
11Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m.
Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
12Lèfini, ou fè m kado lavi.
Ou veye avèk prekosyon pou m pa mouri.
13Men, Jòb 23.14; 27.11 ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou.
Kounyeya, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
14Ou Jòb 9.28; 13.27; Sòm 130.3 t'ap veye m pou wè si m t'ap fè sa m pat dwe fè.
Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
15Si Jòb 9.15; Eza 3.11 m antò, zafè m pa bon!
Mwen te mèt inonsan, m pa ka leve tèt devan ou.
Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.
16Si Eza 38.13; Oze 5.14; 13.7 m leve tèt mwen, ou fann dèyè m
tankou yon lyon dèyè bèt pou l manje.
Ou rive fè mirak pou ou ka fè m lapenn.
17Ou Jòb 16.8; 19.12 toujou pare pou fè yon atak sou mwen.
Chak jou w'ap vin pi ankòlè.
Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.
18Bondye, Jòb 3.11 poukisa ou te kite m sòti nan vant manman m?
Mwen ta mouri anvan pèsonn ta wè m.
19Sòti Abd 16 nan vant, ale nan simityè,
se tankou si m pat janm fèt.
20Mwen Jòb 7.16; 9.27; 14.1 pa rete lontan pou m viv ankò.
Kite m pou kont mwen! Ban m yon ti kanpo.
Kite m jwi de twa jou ki rete m yo non!
21Talè Jòb 3.5; 16.22; Sòm 39.13; 88.12 konsa mwen prale pou m pa janm tounen.
Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
22nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan,
kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.